Genesis 28

ויקרא יצחק אל יעקב ויברך אתו ויצוהו ויאמר לו לא תקח אשה מבנות כנען׃
Izarak rele Jakòb, li beni l'. Apre sa, li ba li lòd sa a: -Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.
קום לך פדנה ארם ביתה בתואל אבי אמך וקח לך משם אשה מבנות לבן אחי אמך׃
Leve non, ale Mezopotami lakay Betwèl, papa manman ou. W'a pran yonn nan piti fi Laban yo pou madanm. Laban, se frè manman ou.
ואל שדי יברך אתך ויפרך וירבך והיית לקהל עמים׃
Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' beni maryaj ou, pou l' ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon.
ויתן לך את ברכת אברהם לך ולזרעך אתך לרשתך את ארץ מגריך אשר נתן אלהים לאברהם׃
Se pou l' beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv koulye a, peyi li te deja bay Abraram lan.
וישלח יצחק את יעקב וילך פדנה ארם אל לבן בן בתואל הארמי אחי רבקה אם יעקב ועשו׃
Se konsa Izarak fè Jakòb pati. Jakòb ale nan Mezopotami lakay Laban, pitit Betwèl, moun peyi Aram lan. Laban se te frè Rebeka, manman Jakòb ak Ezaou.
וירא עשו כי ברך יצחק את יעקב ושלח אתו פדנה ארם לקחת לו משם אשה בברכו אתו ויצו עליו לאמר לא תקח אשה מבנות כנען׃
Ezaou vin konnen ki jan Izarak te beni Jakòb, ki jan li te voye l' Mezopotami al chache yon madanm. Li vin konnen tout lè Izarak t'ap beni Jakòb la, li te pase l' lòd sa a: Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.
וישמע יעקב אל אביו ואל אמו וילך פדנה ארם׃
Ezaou te wè Jakob te obeyi papa l' ak manman l', li te pati pou Mezopotami.
וירא עשו כי רעות בנות כנען בעיני יצחק אביו׃
Konsa, Ezaou vin wè Izarak papa l' pa t' renmen fi peyi Kanaran yo.
וילך עשו אל ישמעאל ויקח את מחלת בת ישמעאל בן אברהם אחות נביות על נשיו לו לאשה׃
Li leve, li ale lakay Izmayèl, lòt pitit gason Abraram lan, li pran yon lòt madanm mete sou sa li te genyen deja yo. Li marye ak Maalat, yonn nan pitit fi Izmayèl yo. Maalat sa a, se te sè Nebajòt.
ויצא יעקב מבאר שבע וילך חרנה׃
Jakòb kite Bècheba, li pati pou Karan.
ויפגע במקום וילן שם כי בא השמש ויקח מאבני המקום וישם מראשתיו וישכב במקום ההוא׃
Li rive yon kote, li rete pase nwit la la, paske sòlèy te fin kouche. Li pran yon wòch sèvi l' zòrye, epi li kouche atè a konsa pou l' dòmi.
ויחלם והנה סלם מצב ארצה וראשו מגיע השמימה והנה מלאכי אלהים עלים וירדים בו׃
Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l' atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la.
והנה יהוה נצב עליו ויאמר אני יהוה אלהי אברהם אביך ואלהי יצחק הארץ אשר אתה שכב עליה לך אתננה ולזרעך׃
Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.
והיה זרעך כעפר הארץ ופרצת ימה וקדמה וצפנה ונגבה ונברכו בך כל משפחת האדמה ובזרעך׃
Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.
והנה אנכי עמך ושמרתיך בכל אשר תלך והשבתיך אל האדמה הזאת כי לא אעזבך עד אשר אם עשיתי את אשר דברתי לך׃
Pa bliye, m'ap toujou la avèk ou, m'ap voye je sou ou kote ou pase. M'ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p'ap lage ou san m' pa fè tout sa mwen sot di ou la a.
וייקץ יעקב משנתו ויאמר אכן יש יהוה במקום הזה ואנכי לא ידעתי׃
Jakòb leve nan dòmi an, li di: -Wè pa wè, Seyè a isit la, mwen pa t' konn sa.
ויירא ויאמר מה נורא המקום הזה אין זה כי אם בית אלהים וזה שער השמים׃
Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la.
וישכם יעקב בבקר ויקח את האבן אשר שם מראשתיו וישם אתה מצבה ויצק שמן על ראשה׃
Jakòb leve byen bònè, li pran wòch li te fè sèvi l' zòrye a, li plante l' tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye.
ויקרא את שם המקום ההוא בית אל ואולם לוז שם העיר לראשנה׃
Li rele kote sa a Betèl. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.)
וידר יעקב נדר לאמר אם יהיה אלהים עמדי ושמרני בדרך הזה אשר אנכי הולך ונתן לי לחם לאכל ובגד ללבש׃
Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fè a, si li ban m' manje pou m' manje ak rad pou m' met sou mwen,
ושבתי בשלום אל בית אבי והיה יהוה לי לאלהים׃
si l' fè m' tounen ak kè poze lakay papa m', Seyè a va Bondye m' vre.
והאבן הזאת אשר שמתי מצבה יהיה בית אלהים וכל אשר תתן לי עשר אעשרנו לך׃
Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m'a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen.