Leviticus 17

耶和华对摩西说:
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
「你晓谕亚伦和他儿子并以色列众人说,耶和华所吩咐的乃是这样:
-Pale ak Arawon ak pitit gason l' yo epi ak tout moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo: Men bagay Seyè a bay lòd pou nou fè:
凡以色列家中的人宰公牛,或是绵羊羔,或是山羊,不拘宰于营内营外,
Si yonn nan moun Izrayèl yo touye yon towo bèf, yon mouton osinon yon kabrit nan kan kote yo rete a, ou ankò lòt bò limit kan an,
若未曾牵到会幕门口、耶和华的帐幕前献给耶和华为供物,流血的罪必归到那人身上。他流了血,要从民中剪除。
depi se pa devan pòt Tant Randevou a li touye l' pou l' ofri l' bay Seyè a la devan kay Seyè a, moun sa a koupab, li fè yon krim, li fè san koule. Se pou yo wete l' nèt nan mitan moun pèp Bondye a.
这是为要使以色列人把他们在田野里所献的祭带到会幕门口、耶和华面前,交给祭司,献与耶和华为平安祭。
Sa vle di: Depi koulye a moun pèp Izrayèl yo gen pou mennen devan Seyè a tout bèt yo te konn touye nan jaden. Se pou yo mennen yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Se la y'a touye yo, menm jan yo touye bèt y'ap ofri pou di Bondye mèsi.
祭司要把血洒在会幕门口、耶和华的坛上,把脂油焚烧,献给耶和华为馨香的祭。
Prèt la va pran san an, l'a vide l' sou lotèl la, devan pòt Tant Randevou a. L'a boule grès la pou l' fè yon bon sant ki va fè Seyè a plezi.
他们不可再献祭给他们行邪淫所随从的鬼魔(原文作公山羊);这要作他们世世代代永远的定例。
Se pou moun pèp Izrayèl yo sispann ofri bèt pou yo touye bay zidòl nan jaden tankou yo te konn fè lè yo te vire do bay Bondye a. Se pou pèp la toujou kenbe lòd sa a de pitit an pitit.
「你要晓谕他们说:凡以色列家中的人,或是寄居在他们中间的外人,献燔祭或是平安祭,
Epi w'a di yo ankò: Ankenn moun nan pèp Izrayèl la, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa touye bèt yo ofri ni pou yo boule nèt ni pou lòt kalite sèvis
若不带到会幕门口献给耶和华,那人必从民中剪除。
ankenn lòt kote, si se pa devan pòt Tant Randevou a pou li ofri l' bay Seyè a. Si se pa sa, y'a wete l' nèt nan mitan moun pèp Bondye a.
「凡以色列家中的人,或是寄居在他们中间的外人,若吃什么血,我必向那吃血的人变脸,把他从民中剪除。
Pesonn ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa manje vyann ak tout san li ladan l'. Si li fè l', mwen menm Seyè a, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.
因为活物的生命是在血中。我把这血赐给你们,可以在坛上为你们的生命赎罪;因血里有生命,所以能赎罪。
Nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen mande pou yo vide tout san an sou lotèl la pou li ka wete peche pèp la. Nou bay san an pou nanm nou.
因此,我对以色列人说:你们都不可吃血;寄居在你们中间的外人也不可吃血。
Se poutèt sa Seyè a te di moun pèp Izrayèl yo: Pesonn nan pèp Izrayèl la, ni ankenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pa gen dwa manje vyann ki gen san ladan l'.
凡以色列人,或是寄居在他们中间的外人,若打猎得了可吃的禽兽,必放出他的血来,用土掩盖。
Lè yon moun nan pèp Izrayèl la osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo al lachas, si li pran yon bèt osinon yon zwazo yo gen dwa manje, l'a vide tout san bèt la atè epi la kouvri l' ak tè.
「论到一切活物的生命,就在血中。所以我对以色列人说:无论什么活物的血,你们都不可吃,因为一切活物的血就是他的生命。凡吃了血的,必被剪除。
Paske nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa mwen menm, Seyè a, mwen di moun pèp Izrayèl yo: Yo pa gen dwa manje vyann ankenn bèt ak tout san an ladan l'. Paske se nan san an nanm lan ye. Tout moun ki manje vyann ak san li ladan l', m'ap wete yo nan mitan pèp mwen an.
凡吃自死的,或是被野兽撕裂的,无论是本地人,是寄居的,必不洁净到晚上,都要洗衣服,用水洗身,到了晚上才为洁净。
Mwen pa bezwen konnen si se moun pèp Izrayèl la osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bèt mouri osinon vyann bèt yon lòt bèt nan bwa ta touye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Se aprè sa l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
但他若不洗衣服,也不洗身,就必担当他的罪孽。」
Men, si li pa lave rad ki sou li yo, si li pa benyen nèt, l'a peye sa l' fè a.