Leviticus 18

耶和华对摩西说:
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
「你晓谕以色列人说:我是耶和华─你们的 神。
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
你们从前住的埃及地,那里人的行为,你们不可效法,我要领你们到的迦南地,那里人的行为也不可效法,也不可照他们的恶俗行。
Piga nou janm fè menm jan ak moun peyi Lejip kote nou te ye a, ni tankou moun peyi Kanaran kote mwen pral mennen nou an. Piga nou swiv mès yo.
你们要遵我的典章,守我的律例,按此而行。我是耶和华─你们的 神。
Se pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
所以,你们要守我的律例典章;人若遵行,就必因此活著。我是耶和华。
Se pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m' di nou fè a, tout moun ki koute m' va jwenn lavi. Se mwen menm ki Seyè a!
「你们都不可露骨肉之亲的下体,亲近他们。我是耶和华。
Apre sa, Seyè a bay regleman sa yo: -Piga pesonn kouche yon fanm ki fanmi pre l'. Se mwen menm ki Seyè a.
不可露你母亲的下体,羞辱了你父亲。她是你的母亲,不可露她的下体。
Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche madanm li, se manman ou li ye. Pa jete dezonè sou manman ou.
不可露你继母的下体;这本是你父亲的下体。
Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo.
你的姊妹,不拘是异母同父的,是异父同母的,无论是生在家生在外的,都不可露她们的下体。
Piga ou kouche sè ou, li te mèt menm papa osinon menm manman avè ou, kit li te elve nan menm kay avè ou, kit li te elve lòt kote. Piga ou kouche l'.
不可露你孙女或是外孙女的下体,露了她们的下体就是露了自己的下体。
Piga ou kouche pitit fi pitit gason ou osinon pitit fi pitit fi ou. Se va sou pwòp tèt ou w'a jete dezonè.
你继母从你父亲生的女儿本是你的妹妹,不可露她的下体。
Piga ou kouche pitit fi madanm papa ou. Se pou ou konsidere l' tankou pwòp sè ou.
不可露你姑母的下体;她是你父亲的骨肉之亲。
Piga ou kouche matant ou, kit se matant bò papa,
不可露你姨母的下体;她是你母亲的骨肉之亲。
kit se bò manman.
不可亲近你伯叔之妻,羞辱了你伯叔;她是你的伯叔母。
Piga ou kouche madanm tonton ou bò papa. Se pou ou konsidere l' tankou matant ou.
不可露你儿妇的下体;她是你儿子的妻,不可露她的下体。
Piga ou kouche bèlfi ou: se madanm pitit gason ou li ye. Pa jete dezonè sou li.
不可露你弟兄妻子的下体;这本是你弟兄的下体。
Piga ou kouche madanm frè ou. Pa jete dezonè sou frè ou.
不可露了妇人的下体,又露她女儿的下体,也不可娶她孙女或是外孙女,露她们的下体;她们是骨肉之亲,这本是大恶。
Piga ou kouche pitit fi osinon pitit pitit fi yon madanm ki te nan afè avè ou deja. Pa kouche yo. Se tankou si se te fanmi pre ou yo te ye. Si ou fè sa, se va yon wont!
你妻还在的时候,不可另娶她的姊妹作对头,露她的下体。
Piga ou pran yonn nan sè madanm ou pou yonn nan pwòp madanm ou yo toutotan madanm ou vivan. Sa ka mete yon jalouzi nan mitan yo.
「女人行经不洁净的时候,不可露她的下体,与她亲近。
Piga ou kouche yon fanm ki gen règ li, paske lè sa a li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
不可与邻舍的妻行淫,玷污自己。
Piga ou kouche madanm yon frè parèy ou, paske lè nou fè sa, ni ou ni fanm lan, nou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
不可使你的儿女经火归与摩洛,也不可亵渎你 神的名。我是耶和华。
Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a.
不可与男人苟合,像与女人一样;这本是可憎恶的。
Piga yon gason kouche yon lòt gason tankou yo kouche yon fanm: Se bagay Bondye pi pa vle wè.
不可与兽淫合,玷污自己。女人也不可站在兽前,与牠淫合;这本是逆性的事。
Ni fanm ni gason pa gen dwa kwaze ak zannimo. Se bagay k'ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay sal nèt.
「在这一切的事上,你们都不可玷污自己;因为我在你们面前所逐出的列邦,在这一切的事上玷污了自己;
Piga nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.
连地也玷污了,所以我追讨那地的罪孽,那地也吐出它的居民。
Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fè a. Se konsa mwen menm Seyè a, m'ap peni peyi a, m'ap fè l' voye moun ki rete sou li yo jete deyò.
故此,你们要守我的律例典章。这一切可憎恶的事,无论是本地人,是寄居在你们中间的外人,都不可行,
Men nou menm, se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Piga pesonn ni nan nou, ni nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fè ankenn nan bagay mwen pa vle wè yo.
在你们以先居住那地的人行了这一切可憎恶的事,地就玷污了,
Se paske moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo te fè tout kalite bagay sa yo, kifè yo te mete peyi a nan move kondisyon sa a.
免得你们玷污那地的时候,地就把你们吐出,像吐出在你们以先的国民一样。
Konsa tou, si nou mete peyi a nan move kondisyon, peyi a pral voye nou jete deyò menm jan li te fè l' pou pèp ki te la anvan nou yo.
无论什么人,行了其中可憎的一件事,必从民中剪除。
Depi yon moun fè yonn nan bagay sal sa yo, y'ap wete l' nan mitan pèp Bondye a.
所以,你们要守我所吩咐的,免得你们随从那些可憎的恶俗,就是在你们以先的人所常行的,以致玷污了自己。我是耶和华─你们的 神。」
Epi Seyè a di: -Se pou nou kenbe lòd mwen yo. Pa swiv move mès moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo. Pa fè vye bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!