Nou menm moun lavil Niniv, men yon gwo lame ap moute vin atake nou. Mete gad nan fò nou. Mete moun veye gran chemen an! Mare ren nou! Mete tout kouraj nou sou nou!
Paske, Seyè a pral bay pèp Izrayèl la pouvwa li te gen anvan an, pouvwa fanmi Jakòb la te gen anvan piyajè yo te ravaje l' la, anvan yo te koupe tout branch rezen li yo.
Vanyan sòlda l' yo gen plak pwotèj pentire tou wouj sou bra yo. Yo abiye ak rad wouj violèt. Cha lagè yo klere kou dife! Y'ap vin pou atake nou! Y'ap souke zam yo nan men yo.
Yo piye lavil la. Yo touye tout moun ladan l'. Yo devaste l' nèt. Moun pèdi kouraj yo. Jenou yo ap tranble. Yo pa gen fòs pou rete kanpe. Figi yo dekonpoze.
Koulye a, kote twou kachèt lyon yo ye a, twou nich kote ti lyon yo manje a, twou kote lyon yo ansanm ak ti lyon yo te konn ale pou pesonn pa ka fè yo anyen an?
Lyon an te konn dechire vyann bèt yo pou pitit li yo, li te konn trangle bèt pou fenmèl lyon yo. Lè konsa yo plen twou yo ak bèt yo pran, yo plen nich yo ak moso vyann dechikete.
Koulye a, se mwen menm k'ap regle ak nou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Moun pral boule tout cha lagè nou yo nan dife. Nan lagè a, m'ap fè yo touye tout jenn ti lyon nou yo. M'ap rache nan men nou tou sa nou te pran lakay lòt yo. Yo p'ap janm tande vwa delege nou yo ankò nan okenn peyi sou latè.