Revelation of John 15

וארא אות אחרת בשמים גדולה ונפלאה שבעה מלאכים הנשאים את שבע המכות האחרנות כי בהן כלה זעם אלהים׃
Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan sièl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.
וארא כים זכוכית בלול באש ואת המתגברים על החיה ועל צלמה ועל תוה ועל מספר שמה עמדים על ים הזכוכית וכנרות אלהים בידיהם׃
Apre sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l' la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a.
וישירו את שירת משה עבד אלהים ושירת השה לאמר גדולים מעשיך ונפלאים יהוה אלהים צבאות צדק ואמת דרכיך מלך הגוים׃
Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.
מי לא ייראך יהוה ולא יכבד את שמך כי קדוש אתה לבדך כי כל הגוים יבאו וישתחוו לפניך כי נגלו משפטי צדקך׃
Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.
ואחרי כן ראיתי והנה נפתח היכל משכן העדות בשמים׃
Apre sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan sièl la louvri.
ויצאו מן ההיכל שבעה המלאכים הנשאים את שבע המכות מלבשים בד טהור וצח וחגורים אזורי זהב על לבביהם׃
Sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite yo soti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fin ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo.
ואחת מארבע החיות נתנה אל שבעת המלאכים שבע קערת זהב מלאות חמת האלהים החי לעולמי העולמים׃
Yonn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode fèt an lò ki te plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an.
וימלא ההיכל עשן מכבוד אלהים ועזו ולא יכל איש לבוא אל ההיכל עד אשר כלו שבע המכות אשר בידי שבעה המלאכים׃
Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.