Isaiah 20

Sa te pase nan lanne Sagon, wa peyi Lasiri, te bay kòmandan chèf lame li a lòd pou l' te al atake lavil Asdòd nan peyi moun Filisti yo. Epi li pran l'.
亚述王撒珥根打发他珥探到亚实突的那年,他珥探就攻打亚实突,将城攻取。
Men anvan sa, Seyè a te pale ak Ezayi, pitit Amòz la. Li te di l': Wete rad sak kòlèt ki sou ou a ak sapat ki nan pye ou la. Se sa menm Ezayi te fè. Se konsa li t'ap mache toutouni pye atè nan lari.
那时,耶和华晓谕亚摩斯的儿子以赛亚说:「你去解掉你腰间的麻布,脱下你脚上的鞋。」以赛亚就这样做,露身赤脚行走。
Lanne yo te pran lavil Asdòd la, Seyè a di konsa: -Ezayi, sèvitè m' lan, te rete toutouni pye atè pandan twazan. Sa se yon siy ak yon avètisman pou sa ki pral rive peyi Lejip ak peyi Letiopi.
耶和华说:「我仆人以赛亚怎样露身赤脚行走三年,作为关乎埃及和古实的预兆奇迹。
Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.
照样,亚述王也必掳去埃及人,掠去古实人,无论老少,都露身赤脚,现出下体,使埃及蒙羞。
Moun ki te konte sou peyi Letiopi ak moun ki t'ap fè lwanj peyi Lejip yo pral wont, yo pral dekouraje.
以色列人必因所仰望的古实,所夸耀的埃及,惊惶羞愧。
Lè jou sa a va rive, moun ki rete sou rivaj peyi Filisti a va di: Gade sa ki rive moun sa yo! Epi se sou yo nou te konte, se lakay yo nou te fè lide al chache pwoteksyon pou yo te ka sove nou anba men wa peyi Lasiri a! Koulye a, kote n'ap bay tèt pou n' chape kò nou?
那时,这沿海一带的居民必说:『看哪,我们素所仰望的,就是我们为脱离亚述王逃往求救的,不过是如此!我们怎能逃脱呢?』」