Li di m' konsa: -Sa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch.
Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen, li di m': -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m' m'ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Pi gwo antrav yo pral disparèt devan ou, Zowobabèl! Pi gwo mòn lan ap tounen yon plenn. Ou gen pou ou pran yon bèl wòch ladan l' pou fè lento pòtay tanp lan. Lè sa a tout moun va rele: Ala bèl sa bèl! Mèsi pou li!
Yo te pran ti konmansman sa yo pou anyen. Men, ala kontan y'a kontan lè y'a wè Zowobabèl ap kontwole travay la, filaplon li nan men l'! Zanj lan di m' ankò: -Lanp sèt branch ou wè la a se sèt je Seyè a ki wè tou sa k'ap pase sou latè.