Psalms 64

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.
Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo.
Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.
Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.
Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.
Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?
Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.
Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.
Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.
Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè. Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li.