Proverbs 7

Pitit mwen, chonje sa m'ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m'ap di ou pou fè a.
Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou.
Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l'.
Konsidere konesans tankou sè ou. Konsidere bon konprann tankou pi bon zanmi ou.
Y'ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd.
Yon jou, antan mwen nan fennèt lakay mwen, mwen t'ap gade nan fant jalouzi a.
Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou.
Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan.
Le sa a solèy te kouche, te fin fè nwa.
Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li.
Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li.
Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l' toupatou.
Li pase bra l' nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l' nan je l', li di l':
Mwen te gen pou m' ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an.
Se poutèt sa, mwen vin kontre ou. Mwen t'ap chache ou, mwen jwenn ou.
Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki soti peyi Lejip sou kabann mwen.
Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li.
Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fè doudous jouk nou sou.
Mari m' pa la, li pati, li al fè yon vwayaj byen lwen.
Li pati ak anpil lajan nan pòch li. Li p'ap tounen anvan kenz jou.
Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte.
Jennonm lan pran swiv li, tankou bèf y'ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pèlen
k'ap tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k'ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l' an danje.
Koulye a, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou.
Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou.
Li lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo.
Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityè.