Lè lè a rive pou pèp la ranmase zafè yo pou yo deplase, Arawon ak pitit gason l' yo va antre nan kay Bondye a, y'a desann rido ki devan Bwat Kontra a, y'a kouvri bwat la ak li.
Y'a mete yon premye gwo nap an po bazann sou li, epi y'a kouvri l' ak yon dezyèm nap an twal ble. Apre sa, y'a pase manch pou pote bwat la nan gwo bag yo.
Y'a kouvri tab pou pen yo ofri bay Bondye a ak yon dra ble. Y'a mete asyèt, tas, kafetyè ak bòl yo sèvi nan sèvis pou mwen yo sou li. Pen yo ofri bay Seyè a va toujou rete sou li tou.
Y'a pran tout bagay yo sèvi nan kote ki apa nèt pou Seyè a, y'a mete yo nan yon dra ble, y'a vlope yo nan yon nap an po bazann, epi y'a mete yo sou yon branka pou pote yo.
Y'a pran tout bagay ki mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plat pou resevwa sann, y'a mete yo sou lotèl la. Apre sa, y'a kouvri l' ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la.
Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.
Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, va reskonsab kontwole lwil lanp yo, lansan santi bon an, pen yo toujou ofri bay Seyè a ak lwil pou mete moun apa a. Wi, l'a kontwole tout kay Bondye a nèt ak tou sa ki ladan l', menm kote ki apa nèt pou Seyè a ak bagay ki ladan l' yo.
Men sa pou nou fè pou yo pa mouri, pou yo ka viv, lè y'ap pwoche bò bagay ki apa nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo va antre anvan epi y'a bay chak moun travay pa yo, y'a di yo sa pou yo pote.
lèz twal ki sèvi pou moute kay Bondye a ansanm ak gwo tant ki kouvri kay Bondye a, kouvèti fèt ak po bazann ki anwo tant lan, seri rido ki fèmen pòt Tant Randevou a,
rido galeri ki kouvri tant lan ak lotèl la nèt, rido ki fèmen galeri a, kòd yo ak tout lòt bagay ki mache ak bagay sa yo. Se yo ki pou fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo.
Moun Gèchon yo va travay sou lòd Arawon ak pitit gason l' yo. Y'a fè tout travay yo, y'a pote tou sa yo gen pou yo pote. Y'a reskonsab tou sa y'ap pote a.
Sa se tout reskonsablite moun Gèchon yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit gason Arawon, prèt la, ki va kontwole tou sa y'ap fè.
poto, sipò, pikèt ak kòd pou galeri ki fè wonn tant lan, avèk tout bagay ki sèvi ak yo, ansanm ak tout zouti y'ap bezwen pou fè travay yo. Y'a bay chak moun non bagay la reskonsab pou l' pote a.
Dapre lòd Seyè a te bay la, Moyiz, Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman gason nan fanmi Keyat yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.
tout fanmi Keyat yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
nan tout fanmi Gèchon yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
nan tout fanmi Merari yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
Yo te pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a, osinon k'ap pote l' lè y'ap deplase.
Se konsa, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou pèp la, yo pran non chak gason moun Levi yo ak travay pou yo fè ak sa pou yo pote. Se Seyè a menm ki te bay Moyiz lòd fè resansman sa a.