-Si yon moun wè yon kote sou po kò l' anfle, ou ankò si li wè yon bouton osinon yon tach parèt sou po l' ki ta vle sanble konmansman yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun, y'a mennen l' bay Arawon, prèt la, ou ankò bay yonn nan pitit li yo ki prèt tou.
Prèt la va egzaminen kote ki malad la. Si pwal yo vin tou blan, epi si maladi a fouye po a ti kras, l'a konnen se yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun. Lè prèt la va wè sa, l'a fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an rete menm jan an, li pa laji sou po a, prèt la va fèmen moun lan pou kont li pou sèt jou ankò.
Apre sa, prèt la va egzaminen l' ankò. Si bouton an cheche, si li pa laji kò l' sou po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. Lè sa a, moun lan va lave rad li, epi l'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin pi laj sou po a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen!
se va yon move maladi po ki chita sou li. Prèt la va fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Li p'ap bezwen fèmen l' yon kote pou kont li, paske se bagay ki klè, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye.
prèt la va egzaminen l' ankò. Si maladi a kouvri tout kò l', prèt la va di moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi tout kò l' vin tou blan, li nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè yon bouton pete, l'a fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi bouton an pete se yon move maladi po li genyen, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Prèt la va egzaminen l'. Si bouton an gen lè yon ti jan pi fon pase rès po a, epi si pwal ki ladan l' yo vin tou blan, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po k'ap parèt sou mak apse a.
Men, lè prèt la egzaminen l', si li wè pwal ki ladan l' yo pa blan, si bouton an pa pi fon pase rès po a, si li konmanse chanje koulè, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.
Men, si bouton an rete jan l' te ye a, y'a konnen se mak apse a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan pa gen anyen, li toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
prèt la va egzaminen l'. Si li wè pwal yo vin blan, epi si tach la gen lè pi fon pase rès po a, y'a konnen se yon move maladi po k'ap devlope sou boule a. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.
Men, si lè prèt la egzaminen l' li pa jwenn pwal blan ladan l', epi tach la pa pi fon pase rès po a, men li ta vle chanje koulè, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou.
Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè tach la ap gaye, l'a konnen se yon move maladi po li genyen. Lè sa a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
Men, si tach la rete jan l' te ye a, si li pa gaye sou po a, si se koulè a ase ki chanje, l'a konnen se mak boule a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, paske se boule a k'ap geri.
prèt la va egzaminen plak la. Si li gen lè pi fon pase rès po a, si li gen cheve yon ti jan jòn, fin fen ladan l', l'a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki parèt nan cheve l' osinon nan bab li. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Men, lè prèt la egzaminen plak pyas la, si li wè gen lè li pa pi fon pase rès po a, epi cheve ki ladan l' yo yon ti jan jòn, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.
Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la pa laji sou po a, si li pa fouye po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Moun lan menm va lave rad sou li, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la gaye vre sou po a, li pa bezwen chache wè si li gen cheve jòn ankò. L'a tou konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Men si li wè pyas la rete jan l' te ye a, epi cheve nwa ap pouse sou li, l'a tou konnen pyas la geri, epi prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
prèt la va egzaminen l'. Si tach yo yon ti koulè blan sal, l'a konnen se yon ti gratèl ki parèt sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
l'a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, akòz move maladi po ki parèt sou tèt li a.
Lè yon moun gen yon move maladi po, l'a mete vye rad chire sou li. L'a kite tèt li san penyen, l'a kouvri figi l' depi anba nen l' desann, epi kote l' pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad!
Pandan tout tan maladi a va sou li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon moun ki gen move maladi po li ye. L'a rete yon kote pou kont li, nan yon kay andeyò limit kote moun rete.
ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat yo osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou yo ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon yon bagay fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni,
Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè kanni an gaye sou twal la, osinon li mache nan fil dwat yo osinon nan fil travè yo, oswa sou po a, osinon sou bagay fèt ak po, sa vle di se kanni l'ap kanni vre. Moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l' ankò.
Sou setyèm jou a, l'a egzaminen l' ankò. Si li wè kote ki te vle kanni an rete menm jan an, menm si li pa gaye sou rès twal la, bagay la pa nan bon kondisyon, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l'. Se pou yo boule l' nan dife, kanni an te mèt sou lanvè ou sou landrèt li.
Men, si lè prèt la ap egzaminen l' dezyèm fwa a, li wè kanni an te pèdi koulè, fwa sa a, l'a chire kote ki te kanni nan twal la osinon nan po a. Ou ankò, l'a wete fil dwat ou fil travè ki te kanni nan twal la.
Men regleman pou nou swiv lè yon rad fèt an lenn osinon an twal fen blan bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon nenpòt bagay ki fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni. Se konsa n'a konnen si moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi osinon pa ka sèvi ak yo.