Lamentations 3

Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo.
Li trennen m', li fè m' mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m'.
Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete.
Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'.
Li fèmen m' nan yon koridò mizè ak lafliksyon.
Li fè m' rete kote ki fènwa a tankou moun mouri yo.
Li moute yon miray, li fèmen kote m' ye a, m' pa ka chape. Li mare m' ak gwo chenn.
Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p'ap tande m'.
Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m' vire, chak pa mwen fè, m' bite.
Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen.
Li fè m' tonbe nan bwa. Li filange tout kò m'. Lèfini, li lage m'.
Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo.
Li fè flèch li yo antre fon nan kò m'.
Tout moun nan peyi a ap pase m' nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen.
Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou.
Li fwote tout figi m' atè, li fè m' kase dan m' nan wòch.
Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan.
Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye.
Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale.
Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rache
Men, mwen reprann kouraj lè m' chonje yon sèl bagay.
Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou.
Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li.
Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'.
Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li.
Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.
Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn.
Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen.
Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou.
Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou.
Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt.
Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil.
Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn.
Atò, se konnen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton,
lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou,
lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen!
Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.
Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.
Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!
Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye!
Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'!
Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.
Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou.
Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou.
Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo.
Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou.
N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè!
De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!
Dlo ap koule nan je m' san rete. Li p'ap janm sispann,
jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l' gade, l'a wè!
Wi, kè m' fè m' mal pou m' wè sa ki rive moun lavil mwen yo!
Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran.
Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch.
Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran!
Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou!
Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou.
Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè!
Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'.
Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen.
Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'.
Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'.
Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan.
Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'!
Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè.
Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo!
Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!