Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou peyi Moab la: -Ala malè pou moun lavil Nebo yo! Yo ravaje lavil la nèt ale. Moun lavil Kiryatayim yo wont! Lènmi anvayi lavil la, yo pran gwo fò a, yo kraze l' ratè!
Peyi Moab la pèdi pouvwa li. Nan lavil Esbon yo fè plan pou yo detwi Moab. Yo di: Ann ale, ann disparèt peyi a sou latè! Yo fè lavil Madmèn pe bouch li. Yon gwo lame ap mache pran l'!
Ou te mete konfyans ou nan fòs ou ak nan richès ou yo! Ou menm tou, lènmi ap anvayi ou! Y'ap depòte Kemòch, bondye ou la, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo.
Malè pral tonbe sou tout lavil nou yo. Yo yonn p'ap chape anba l'. L'ap fini ak sa ki nan fon yo. L'ap ravaje sa ki sou platon yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Peyi Moab te toujou viv san ankenn danje depi tout tan. Yo pa janm depòte moun li yo. Li te tankou diven yo kite poze nan barik, san yo pa janm vide l' sot nan yon veso mete l' nan yon lòt. Se konsa li pa janm pèdi gou l'. Li pa janm vante.
Men lè a rive koulye a, se Seyè a menm ki di sa. Mwen pral voye moun pou yo vide peyi Moab la tankou diven. Yo pral devide veso yo. Yo pral kraze barik yo an miyèt moso.
Yo fini ak peyi Moab. Yo anvayi tout lavil li yo. Yo ansasinen tout jenn gason ki pi bon lakay li yo. Se mwen menm Wa a, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Nou menm, vwazen l' yo, plenn sò li! Nou tout ki te konnen jan l' te ye a, nou mèt di: Gade jan yo kraze gwo pouvwa li a! Bèl baton kòmandman ki te nan men l' lan disparèt.
Nou menm k'ap viv lavil Dibon, desann sou bèl fotèy premye klas nou an. Mete dèyè nou atè nan pousyè a. Paske moun ki te fini ak Moab la ap vin pou nou. L'ap kraze tout gwo fò nou yo.
Chonje jan nou te konn ap pase pèp Izrayèl la nan rizib. Eske nou te janm bare yo ap fè bann ak vòlò kifè chak fwa n'ap pale sou yo, n'ap souke tèt nou, n'ap di podjab pou yo?
Moun Moab yo se moun ki gen lògèy anpil. Nou te konnen jan moun sa yo te gen lògèy, jan yo te awogan. Yo te kwè wa pa kouzen yo, y'ap gonfle lestonmak yo sou moun.
M'ap kriye pou moun lavil Sibma yo plis pase jan mwen te kriye pou moun lavil Jazè yo. Lavil Sibma te tankou yon gwo pye rezen. Branch li yo travèse lòt bò lanmè Mouri a, yo rive jouk lavil Jazè. Men koulye a, yo ravaje tout rekòt la, yo dechèpiye tout rezen nou te ranmase yo.
Pa gen kè kontan ak fèt ankò nan jaden rezen peyi Moab yo. Pa gen yon degout diven ankò nan barik yo. Pa gen yon moun k'ap travay nan moulen pou fè diven. Nou pa tande yon moun ap bay ankourajman.
Moun Esbon yo ap rele. Yo tande rèl yo jouk lavil Elealè, jouk lavil Jaaz, depi lavil Zoa jouk lavil Owonayim ak Eglat-Chelichya. Ata ti dlo Nimrim lan gen pou l' cheche.
M'ap disparèt moun lavil Moab yo. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap touye moun k'ap fè ofrann pou yo boule sou tèt mòn yo, moun k'ap boule lansan pou bondye yo.
Se poutèt sa, kè m' ap fè m' mal anpil pou moun Moab yo, pou moun Ki-Erès yo. M'ap plenn sò yo tankou moun k'ap jwe fif nan lantèman. Paske yo pèdi tou sa yo te genyen.
Sou teras anwo tout kay peyi Moab yo, sou tout plas piblik, se plenn moun yo ap plenn. Mwen kraze peyi Moab tankou yon kannari pesonn pa bezwen ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Moun k'ap kouri pou sezisman pa pran yo pral tonbe nan twou. Lè y'a kouri soti nan twou a, y'ap pran nan pèlen. Paske dat Seyè a te fikse pou li pini Moab la rive sou li. Se Seyè a menm ki di sa.
Moun k'ap kouri met deyò yo rive Esbon tou bouke. Y'ap chache pwoteksyon lavil Esbon, lavil kote wa Siyon t'ap gouvènen an: men yo jwenn li ap boule. Dife a gaye, li rive jouk sou fwontyè a, li moute rive jouk sou tèt mòn lwijanboje yo.