Izarak te fin vye granmoun, je l' pa t' bon, li pa t' kapab wè ladan yo ankò. Li rele premye pitit li a, Ezaou, li di l' konsa: -Pitit mwen, Ezaou reponn li: -Men mwen wi, papa.
Jakòb reponn: -Se mwen menm Ezaou, premye gason ou lan. Mwen fè sa ou te di m' fè a. Leve non, chita. Manje vyann mwen pote pou ou a. Apre sa, wa ban mwen benediksyon.
Jakòb pwoche, li bo papa l'. Papa a pran sant rad ki te sou li a, epi li ba li benediksyon l'. Li di l': -Sant kò pitit mwen an tankou sant yon jaden Seyè a beni.
Se pou kantite pèp soumèt devan ou. Se pou kantite nasyon bese tèt devan ou. Se ou menm ki pou mèt frè ou yo. Se pou pitit pitit manman ou yo bese tèt devan ou. Se pou tout moun ki ba ou madichon jwenn madichon. Se pou tout moun ki beni ou jwenn benediksyon.
Tande Izarak tande sa, li sezi, li pran tranble kou fèy bwa. Li di: -Kilès sa ki te pote ban m' manje jibye li sot chase a? Mwen fèk fin manje anvan ou rive la a. Mwen ba li benediksyon m' lan ki pou li nèt.
Ezaou di: -Sa fè dezyèm fwa li pran sak pou mwen. Eske se paske li rele Jakòb la kifè l'ap pase devan m' konsa? Premye fwa a, li te pran dwa m' kòm premye pitit. Men koulye a, li pran benediksyon ki te pou mwen an! Apre sa, li di: -Men papa, èske ou pa gen yon lòt benediksyon pou mwen?
Izarak reponn Ezaou: -Mwen mete l' chèf sou ou. Mwen fè tout rès fanmi an tounen moun k'ap sèvi l'. Mwen ba li mezi pwovizyon l'. Kisa m' ka fè pou ou ankò, pitit mwen?
Ezaou te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l': Papa m' pa lwen mouri. Fini yo fini antere l', m'ap touye Jakòb, frè mwen an.
Yo vin rapòte bay Rebeka sa ki te soti nan bouch Ezaou, premye pitit gason l' lan. Li fè rele Jakòb, dezyèm pitit li a, li di l': -Koute! Ezaou, frè ou la, vle tire revanj sou ou. Li vle touye ou.
jouk tan la sispann move sou ou, jouk li va bliye sa ou te fè l' la. Lè sa a, atò, m'a voye chache ou, m'a fè ou tounen. Poukisa pou m' ta pèdi tou de pitit gason m' yo yon sèl jou a?
Rebeka di Izarak konsa: -Mwen degoute, mwen bouke ak bann fi Et sa yo. Pase pou m' ta wè Jakòb pran yonn nan moun sa yo, yonn nan bann fi Et sa yo k'ap viv nan peyi a pou madanm, pito m' mouri!