Apre sa, nonm lan mennen m' nan gwo lakou deyò a. Li fè m' antre nan yon gwo batisman ki sou bò nò tanp lan, pa twò lwen kay ki sou bò solèy kouche Tanp lan.
Sou yon bò te gen yon galeri trannkat pye lajè ki fè wonn Tanp lan. Sou lòt bò a, te gen pave gwo lakou deyò a. Kay la te yon chanmòt twa etaj, chak etaj te pi dèyè pase etaj anba l' la.
Nan tout twa etaj yo, pyès ki te anwo nèt la te pi fèmen pase sa ki te nan mitan an ak sa ki te anba nèt la. Yo pa t' gen poto pilye pou sipòte yo tankou lòt kay yo nan lakou a.
Devan chanm yo, te gen yon koridò tankou pou kay ki sou bò nò a. Li te gen menm longè, menm lajè avè l', menm fòm, ak menm pozisyon pou pòt yo ak fennèt yo.
Lè sa a, nonm lan di m': -De gwo kay sa yo, yonn sou bò nò, yonn bò sid, se chanm ki mache ak chanm yo met apa pou Seyè a. Se la prèt k'ap sèvi devan lotèl Seyè a manje ofrann yo mete apa pou Seyè a. Chanm sa yo fèt pou rete apa pou Seyè a tou. Se la prèt yo pral met ofrann yo met apa pou Seyè a, ofrann grenn jaden osinon bèt yo ofri bay Seyè a pou mande l' padon pou peche osinon pou peye pou sa yo te fè ki mal, paske kay sa a apa pou Seyè a.
Lè prèt yo fin sèvi nan Tanp lan, anvan yo soti nan gwo lakou deyò a, se pou yo ale nan kay sa a pou yo mete rad seremoni yo te gen sou yo pandan sèvis la, paske rad sa yo se rad ki apa pou Seyè a. Se pou yo mete lòt rad sou yo anvan yo soti nan zòn kote pèp la rasanble a.
Konsa, li jwenn miray ki te fè wonn tanp lan ansanm ak gwo lakou a te kare kare, witsankarant (840) pye chak bò. Miray la te sèvi pou separe sa ki te apa pou Seyè a ak sa yo pa t' mete apa pou Seyè a.