Yo pran twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Yo fè rad tou pou Arawon mete sou li sèlman lè l'ap fè sèvis Bondye, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Yo pran fèy lò, yo bat yo, yo koupe yo an filang, yo travay yo nan twal ble, violèt ak wouj la, ansanm ak nan twal fen blan an. Yo bwode yo byen bèl ak anpil ladrès.
Bèl sentiwon byen bwode ki mache ak jile a te fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a. Yo te fè l' an lò avèk twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Yo fè plastwon an, yo bwode l' byen bèl ak anpil ladrès tankou jile a. Yo fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere.
Te gen antou douz pyè ak non douz branch fanmi pèp Izrayèl yo grave yonn sou chak pyè. Yo te grave yon non sou chak pyè tankou lè òfèv ap grave so sou bag.
Yo mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a. Yo fè tou sa dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Nan mitan rad la, yo fè yon twou pou pase nan tèt prèt la, epi yo mete yon doubli nan ankoli a tankou yo fè l' pou varèz an po bèt yo, pou li pa chire.
Yon ti klòch, yon grenad, yon ti klòch, yon grenad sou tout woulèt rad la pa anba, jouk yo fè tout tou rad pou Arawon mete sou li lè l'ap fè sèvis la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.
Yo pran twal fen blan, yo fè mouchwa tèt la ak ganiti pou bonnèt yo pou moun rekonèt grad yo. Epi yo pran twal fen blan tise byen sere, yo fè kalson yo.
Yo pran twal fen blan tise byen sere ak bon twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè sentiwon bwode byen bèl la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.
Yo fè ti plak lò ki pou ale sou mouchwa tèt la ak pi bon kalite lò ki genyen. Yo grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a, tankou lè y'ap grave so sou bag.
Se konsa yo te fin fè tout travay pou Tant Randevou a, kote pou Bondye rete a. Moun pèp Izrayèl yo te fè tout bagay dapre lòd Seyè a te di Moyiz la. Wi, se konsa yo te fè l'.
Yo pran tout bagay, yo pote yo bay Moyiz, depi tant lan, kay kote pou Bondye rete a, ak tout bagay ki mache avè li yo, kwòk li yo, ankadreman li yo, trenng li yo, poto li yo ak sipò yo,
gwo lanp sèt branch fèt an lò a, ti lanp ki pou moute an liy dwat sou li yo, avèk tou sa ki pou sèvi ak lanp sèt branch lan ansanm ak lwil pou lanp yo,
rido pou galeri a, poto yo, sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre sou galeri a, kòd yo, pikèt yo ak tou sa yo bezwen pou fè sèvis nan Tant Randevou a kote pou Bondye rete a,
bèl rad seremoni pou yo mete lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, mete sou li ansanm ak rad pou pitit gason l' yo mete sou yo lè y'ap fè travay prèt yo.