Lè ou achte yon moun menm ras avè ou pou sèvi ou esklav, li gen pou l' sèvi ou sizan. Lè setyèm lanne a rive, l'a lib. L'a gen dwa al fè wout li san l' pa gen anyen pou l' peye ou.
enben, lè sa a, mèt la va mennen l' devan Bondye. L'a fè l' pwoche bò pòt la, osinon bò chanbrann pòt la, l'a pèse zòrèy li ak yon bagay pwenti. Konsa esklav la va rete ap sèvi li jouk li mouri.
Si mèt la te fin dakò pou l' te pran fi a pou madanm, epi si apre sa fi a pa fè l' plezi ankò, msye va fè yon jan pou papa ak manman fi a achte l' nan men li ankò. Men, li pa gen dwa vann li bay yon moun lòt nasyon, paske se trayi l'a trayi fi a lè sa a.
Si li pran yon lòt madanm sou li, li pa gen dwa wete anyen sou sa li dwe l': ni sou manje l', ni sou rad li, epi se pou l' toujou sevi ak li tankou madanm li.
Lè de moun gen kont, si yonn bay lòt yon koutwòch osinon yon koutpwen, epi si sak resevwa kou a pa mouri, men li blije pran kabann, men jan pou sa regle:
Si li ka leve, si li ka mache pwonmennen ak baton, y'a fè pa moun ki te ba l' kou a. Tansèlman, l'a gen pou l' peye lòt la dedomajman pou tout jou li fè rete san travay, epi l'a reskonsab pran swen l' jouk li geri.
Lè gason ap goumen, si nan voye kou yo frape yon fanm ansent, epi si fanm lan fè foskouch san anyen ankò pa rive l', moun ki ba l' kou a va peye dedomajman dapre sa mari a va mande. L'a peye sa jij yo va deside.
Lè yon bèf touye yon gason osinon yon fanm ak koutkòn, se pou yo touye l' ak koutwòch. Se pa pou yo manje vyann lan, ni yo pa bezwen fè mèt bèf la peye anyen.
Men, si se pa premye fwa bèf la atake moun, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, si bèf la touye yon gason osinon yon fanm, nan ka sa a y'ap toujou touye bèf la ak koutwòch, epi y'a touye mèt la tou pou pini l'.
Si yon moun gen yon bèf ki touye bèf yon lòt moun ak yon koutkòn, de mesye yo va vann bèf vivan an, y'a separe lajan an mwatye pou mwatye. y'a separe vyann bèf ki mouri a tou.
Men, si se pa premye fwa bèf la ap bay koutkòn, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, nan ka sa a, mèt bèf la gen pou peye. L'a bay yon bèf vivan pou bèf ki mouri a. Bèf mouri a menm va rete pou li.