Men, li pa t' kapab kache l' pi lontan pase sa. Se konsa, li pran yon panyen jon, li badijonnen l' byen badijonnen ak goudwon ansanm ak gonm bwapen. Li mete ti pitit la ladan l'. Lèfini, li mete panyen an ak tout pitit la ladan l' nan mitan yon touf wozo, sou bò gwo larivyè a.
Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l' al benyen. Medam ki te avè l' yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l'.
Lè sa a, sè ti gason an pwoche, li di pitit fi farawon an: -Eske ou vle m al chache yon nouris pou ou nan mitan medam ebre yo pou bay ti pitit la tete pou ou?
Lè ti gason an vin gran ti bway, li mennen l' bay fi farawon an ki adopte l' pou pitit li. Lè sa a, fi farawon an di: -Se nan dlo mwen wete l'. Se konsa, li rele l' Moyiz.
Lè sa a, Moyiz te fin grandi. Yon jou, li soti pou l' al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo.
Men, nonm lan reponn li: -Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip la? Moyiz vin pè, li di nan kè l': -Aa! Gen moun ki konnen sa m' te fè a!
Farawon an pran nouvèl sak te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l'. Men Moyiz chape kò l' anba men l', l' al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.
Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.