Ou janm tande yon lyon gwonde nan rakbwa san li pa gen tan jwenn sa pou l' manje a anvan? Ou janm tande yon jenn ti lyon ap gwonde nan twou li san li pa gen anyen nan bouch li?
Men sa pou ou fè moun ki rete nan gwo kay peyi Lejip ak nan peyi Asdòd yo konnen: Nou tout, sanble sou mòn Samari yo. Vin wè ki kalite dezòd ki gen la, ki kantite krim k'ap fèt la.
Seyè a di konsa: Lè yon lyon fin devore yon ti mouton, tou sa gadò a resi sove se renk de pye ak yon ti moso zòrèy. Konsa tou, se de twa nan moun pèp Izrayèl ki rete lavil Samari yo k'ap sove, yo menm ki rete nan yon ti kwen kay, sou yon moso kabann.
M'ap detwi kay yo fè pou sezon fredi ak kay yo fè pou sezon chalè. M'ap demoli kay yo fè ak ivwa yo ra tè. Tout gwo kay yo pral disparèt. Se Seyè a menm ki di sa.