Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou.
Lòt moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l' tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l', yo chanje lide, yo di: Nonm sa a, se yon bondye.
Apre twa jou, Pòl fè rele chèf jwif yo ki lavil Wòm. Lè yo reyini, li di yo: Frè m' yo, san m' pa fè anyen kont pèp la, ni kont koutim zansèt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m' lavil Jerizalèm, yo lage m' nan men women yo.
Men, jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kòz mwen. Men, mwen menm pou tèt pa m', mwen pa gen okenn plent pou m' fè pou moun menm peyi avè m' yo.
Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye.
Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l' te di:
Paske lespri pèp sa a vin lou, yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye menm ki di sa.