Elize te pale ak madanm ki te manman ti gason li te fè tounen vivan sot nan lanmò a, li te di l' pou li pati ansanm ak tout fanmi l' al viv nan yon lòt peyi paske Seyè a te fè konnen talè konsa yon gwo grangou tapral tonbe sou tout peyi a pou sètan.
Gerazi t'ap rakonte wa a kijan Elize te fè pitit gason yon fanm leve soti vivan nan lanmò lè madanm lan vin pale ak wa a pou kay li ak jaden l' yo. Gerazi di wa a: --Monwa, men madanm lan ansanm ak pitit gason Elize te fè leve soti vivan nan lanmò a.
Wa a mande madanm lan pou li rakonte l' jan sa te pase. Lè madanm lan fini, wa a bay yonn nan chèf li yo lòd renmèt madanm lan tou sa ki te pou li ansanm ak tou sa jaden yo te rapòte depi jou li te kite peyi a rive jouk jou li tounen an.
Wa a rele Azayèl, yonn nan chèf li yo, li di l' konsa: --Pote yon bagay fè pwofèt Bondye a kado. Lèfini, mande l' pou l' pale ak Seyè a pou konnen si m'ap leve anba maladi sa a.
Se konsa Azayèl al wè Elize, li pran tout kalite bon bagay li jwenn lavil Damas, li chaje yo sou karant chamo pote bay Elize. Lè li rive devan Elize, li di l' konsa: --Pitit ou, Bennadad, wa peyi Siri a, voye m' vin mande ou si l'ap leve anba maladi l' la.
Azayèl mande l': --Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: --Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo.
Azayèl mande l': --Kisa m' ye menm pou m' ta rive fè tou sa? Mwen pa pi bon pase yon chen. Elize reponn li: --Seyè a fè m' konnen se ou ki pral wa peyi Siri.
Men nan denmen, Azayèl pran yon dra, li plonje l' nan dlo, li mete l' sou figi wa a. Wa a toufe, li mouri. Azayèl moute wa sou fotèy Siri a nan plas Bennadad.
Wa Joram, pitit gason Akab la, t'ap mache sou senkan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Joram, pitit gason Jozafa ki te wa peyi Jida a, moute wa nan plas papa l'.
Se konsa Joram soti ak tout cha lagè li yo, li mache sou lavil Zayi. Lame moun Edon yo sènen l'. Pandan lannwit, li menm ak chèf cha lagè li yo, yo leve yo atake moun Edon yo ki te sènen yo, yo pase soti nan mitan yo, yo chape. Tout sòlda yo gaye al lakay yo.
Li te gen venndezan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ennan. Manman l' te rele Atali. Se te pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri, tou de wa peyi Izrayèl.
Wa Okozyas mete tèt ansanm ak wa Joram, pitit Akab, pou y' al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt bò lavil Ramòt nan peyi Galarad. Sòlda peyi Siri yo blese Joram nan batay la.
Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba kou sòlda peyi Siri yo te ba li lavi Ramòt lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Okozyas, pitit Joram, wa peyi Jida a, desann lavil Jizreyèl al wè wa Joram, pitit Akab la, paske Joram te malad.