Li bati yon kay yo rele Rakbwa peyi Liban an. Li te gen sansenkant (150) pye longè, swasannkenz pye lajè ak karannsenk pye wotè. Li te gen kat ranje gwo poto bwa sèd. Chak ranje te gen kenz poto ak gwo travès sèd chita sou tèt poto yo.
Li bati yon lòt gwo pyès yo rele Chanm Poto yo. Li te gen swasannkenz pye longè, karannsenk pye lajè. Te gen yon lòt ti pyès sou devan l' avèk gwo poto ak dòmant.
Yo bati yon lòt kay yo rele Chanm Fotèy la ou ankò Salon Jijman an. Se la Salomon te konn rann jijman. Miray yo te kouvri ak bwa sèd depi anba rive nan plafon an.
Kay kote Salomon te rete a te nan yon lòt lakou dèyè Salon Jijman an. Li te bati tankou lòt kay yo. Salomon bati yon lòt kay menm jan an tou pou madanm li, pitit fi wa peyi Lejip la.
Tout kay sa yo te bati ak bèl wòch taye, depi nan fondasyon yo jouk anba twati yo. Wòch yo te pare depi nan min wòch la. Yo te taye sou mezi. Fasad anndan ak fasad deyò wòch yo te taye ak si.
Papa Iram te moun lavil Tir tou. Se te yon bòs fò nan travay kwiv. Manman li te moun nan branch fanmi Neftali a. Se te yon vèv. Iram te yon moun ki te gen anpil ladrès, anpil konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bagay an kwiv. Se konsa li te vin kay wa a, li fè tout travay li yo.
Sou tout wonn basen lan, sou deyò, te gen de ranje ti kalbas an kwiv, ti kras anba rebò a. Te gen dis kalbas pou chak pye edmi longè. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan, yo te koule yo ansanm lè yo t'ap fè basen lan.
Basen lan te chita sou do douz towo bèf an kwiv. Fas towo yo tout bay sou deyò: fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche, ak fas twa bay sou bò sid. Dèyè yo te anba basen lan.
Rebò basen lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas, li fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè. Basen lan te ka kenbe dimil galon konsa.
Chak kabwa te gen kat wou an kwiv ak lesye an kwiv tou. Nan kat kwen yo te gen yon zepòlman, antou kat pou kenbe basen lan anplas. Zepòlman yo te dekore ak yon ranje flè chak bò.
Anwo chak kabwa te gen yon ankadreman tou won pou basen yo. Ankadreman an te gen dizwit pous lajè anndan anndan. Li te gen desen sou tout kò l'. Pati anwo kabwa a te kare, li pa t' won.
Pati plat anwo kabwa a te dekore ak yon wonn nèf pous wotè ki te fè rebò ouvèti a. Zepòlman ki te nan kwen anwo yo ak panno yo te fè yon sèl pyès ak kabwa a.
Yo te dekore panno yo ak zepòlman yo ak pòtre zanj cheriben, pòtre lyon ak pòtre pye palmis, tout kote yo te jwenn yon ti espas, ak flè sou tout wonn lan.
dis lanp sèt branch pou ranje devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, senk sou bò dwat, senk sou bò gòch, flè yo, ti lanp yo ak pensèt pou lanp sèt branch yo,
gode yo, kouto pou netwaye lanp yo, bòl yo, plato pou lansan yo, plato pou pote chabon dife tou limen yo, gon pou pòt pyès ki apa nèt pou Seyè a, ak gon pou lòt pòt tanp lan menm. Tout bagay sa yo te fèt ak bon lò.
Lè wa Salomon te fin fè tout travay pou bati Tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan ak tout lò David, papa l', te ofri bay Seyè a ansanm ak tout lòt bagay li menm li te bay, li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.