Iram, wa peyi Tir, te toujou yon bon zanmi wa David. Lè li vin konnen se Salomon ki te vin moute wa nan plas David, papa l', li voye kèk chèf bò kote l'.
-Ou konnen ak lagè David, papa m', te genyen ak peyi ki toupre l' yo, li pa t' kapab bati yon kay kote pou yo adore Seyè a, Bondye li a, toutotan Seyè a pa t' fè l' kraze lènmi l' yo anba pye l'.
Seyè a te fè David, papa m', pwomès sa a: Se pitit gason ou m'ap mete wa nan plas ou a k'ap bati yon kay pou mwen. Enben, koulye a, mwen fè lide bati yon kay pou Seyè a, Bondye mwen an.
Ou menm, ou pral bay lòd pou yo koupe kèk pye sèd pou mwen nan peyi Liban. Moun pa m' yo va travay ansanm ak moun pa ou yo. m'a peye mesye ou yo jan wa vle l' la. Ou konnen pa gen moun nan peyi m' ki ka koupe bwa tankou moun Sidon yo.
Lè Iram resevwa mesaj Salomon an, sa te fè l' plezi anpil. Li di: -Lwanj jòdi a pou Seyè a ki bay David yon pitit gason ak bon konprann konsa pou gouvènen sou gwo pèp sa a!
Moun pa m' yo va pote madriye yo desann soti peyi Liban jouk bò lanmè. Lè y'a rive la, m'a fè yo mare madriye yo fè rado, y'a pouse yo sou lanmè a rive jouk kote w'a chwazi sou kòt la. Rive la, moun pa m' yo va demare madriye yo. Lè sa a, w'a fè moun pa ou yo fè rès travay la. Ou menm, w'a ban m' pwovizyon pou moun pa m' yo.
Li te mete Adoniram reskonsab kòve a. Li separe mesye yo fè twa gwoup, ak dimil (10.000) moun nan chak. Chak gwoup pase yon mwa nan peyi Liban, de mwa lakay yo. Chak fwa yon gwoup tounen, yon lòt al pran plas li.