Kardeşler, ben sizinle ruhsal kişilerle konuşur gibi konuşamadım. Benliğe uyanlarla, Mesih’te henüz bebeklik çağında olanlarla konuşur gibi konuştum.
Men, frè m' yo, pou di vre, mwen pa t' kapab pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k'ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la.
[] Size süt verdim, katı yiyecek değil. Çünkü katı yiyeceği henüz yiyemiyordunuz. Şimdi bile yiyemezsiniz.
Mwen te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pa t' ankò pare pou sa. Ata koulye a, nou poko pare.
Çünkü hâlâ benliğe uyuyorsunuz. Aranızda kıskançlık ve çekişme olması, benliğe uyduğunuzu, öbür insanlar gibi yaşadığınızı göstermiyor mu?
Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv.
Apollos kim, Pavlus kim? İman etmenize aracı olmuş hizmetkârlardır. Rab her birimize bir görev vermiştir.
Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l' fè.
Biz Tanrı’nın emektaşlarıyız. Sizler de Tanrı’nın tarlası, Tanrı’nın binasısınız.
Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.
Tanrı’nın bana lütfettiği görev uyarınca bilge bir mimar gibi temel attım, başkaları da bu temel üzerine inşa ediyor. Herkes nasıl inşa ettiğine dikkat etsin.
Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati.
Bu temel üzerine kimi altın, gümüş ya da değerli taşlarla, kimi de tahta, ot ya da kamışla inşa edecek.
Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay.
Herkesin yaptığı iş belli olacak, yargı günü ortaya çıkacak. Herkesin işi ateşle açığa vurulacak. Ateş her işin niteliğini sınayacak.
Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo.
Kimse kendini aldatmasın. Aranızdan biri bu çağın ölçülerine göre kendini bilge sanıyorsa, bilge olmak için “akılsız” olsun!
Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon.
[] Çünkü bu dünyanın bilgeliği Tanrı’nın gözünde akılsızlıktır. Yazılmış olduğu gibi, “O, bilgeleri kurnazlıklarında yakalar.”
Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan.
Pavlus, Apollos, Kefas, dünya, yaşam ve ölüm, şimdiki ve gelecek zaman, her şey sizindir.
Ni Pòl, ni Apolòs, ni Pyè, ni tou sa ki sou latè, se pou nou yo ye. Lavi, lanmò, bagay ki la koulye a, bagay ki gen pou vini, tou sa se pou nou yo ye tou.