Acts 24

Ary rehefa afaka hadimiana dia nidina Ananiasy mpisoronabe mbamin'ny loholona sasany sy Tertylo, mpandaha-teny anankiray, izay nanambara tamin'ny mpanapaka ny niampangany an'i Paoly.
Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a; yo te vin pote plent pou Pòl.
Ary rehefa nantsoina izy, dia niampanga azy Tertylo ka nanao hoe:
Yo fè rele Pòl. Lè sa a Tetilis kòmanse pale, li t'ap akize Pòl konsa: Ekselans, se ou ki fè nou gen lapè depi lontan. Se sou gouvènman ou yo fè anpil refòm nesesè pou byen peyi a, tèlman ou gen bon konprann.
Hianao no ahazoanay fiadanana lehibe, ary ny fitondranao efa nampandry tsara ity firenena ity; koa raisinay amin'ny fankasitrahana mandrakariva eny tontolo eny izany, ry Feliksa tsara indrindra ô.
Pou tou sa w'ap fè depi lontan toupatou, n'ap di ou mèsi anpil ak tout kè nou.
Fa mba tsy hanahirana anao ela loatra aho, trarantitra ianao, henoy kely amin'ny faharetana izahay.
Mwen pa vle pran twòp tan ou. Men tanpri souple, pran pasyans, koute sa nou gen pou n' di ou la a. Nou p'ap pale anpil.
Fa io lehilahy io dia hitanay fa tena ratsy fanahy sady mpampikomy ny Jiosy rehetra eny tontolo eny, ary izy no tari-dalan'ilay antoko atao hoe Nazarena.
Nou fin wè nonm sa a se yon gwo nwizans: l'ap mache fè dezòd nan mitan jwif yo toupatou sou latè. Se chèf gwoup Nazareyen yo li ye.
Izy io koa nitady handoto ny tempoly; dia nosamborinay izy;
Li menm seye derespekte tanp lan. Lè nou wè sa, nou arete l'. Nou te vle jije l' dapre Lalwa nou an.
Men, kòmandan Lizyas antre nan koze a, li aji yon jan brital ak nou, li wete li nan men nou.
Apre sa, Lizyas bay moun ki t'ap akize l' yo lòd pou yo vin parèt devan ou. Si ou poze nonm sa a keksyon, wa wè ou menm tou, ki jan sa n'ap di la a se verite tou klè.
Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre.
Gouvènè a fè Pòl siy pou l' pale. Pòl di: Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou.
Ou mèt pran ranseyman, jòdi a fè douz jou depi mwen te moute Jerizalèm pou m' al fè sèvis pou Bondye.
Jwif yo pa jwenn mwen ap diskite ak pesonn nan tanp lan, yo pa bare m' ap moute tèt pesonn ni nan sinagòg yo ni okenn lòt kote nan lavil la.
Moun sa yo pa ka bay okenn prèv pou tou sa yo sot di mwen fè a.
Men, m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.
Mwen gen espwa sa a, epi mwen konnen yo genyen l' tou; yon jou Bondye gen pou fè tout moun, bon kou mechan, leve soti vivan nan lanmò.
Se konsa m'ap fè posib mwen pou m' toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun.
Apre mwen fin pase anpil lanne deyò, mwen tounen Jerizalèm. Mwen te vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an, epi m' tou pwofite fè ofrann bèt pou Bondye.
Men sa m' t'ap fè lè yo jwenn mwen nan tanp lan. Mwen te fin patisipe nan jou sèvis pou mete moun nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Pa te gen foul moun avè m', pa te gen kras dezòd.
Men, te gen kèk jwif ki te soti nan pwovens Lazi, se yo menm ki te dwe la devan ou pou akize m', si yo te gen kichòy kont mwen.
Osinon, se pou moun ki isit la di ki move zak yo jwenn mwen te fè lè m' te kanpe devan Gran Konsèy la.
Men sèl pawòl mwen te di byen fò lè m' te kanpe devan yo tout la: Se paske mwen kwè mò yo gen pou leve vivan ankò kifè yo rele m' an jijman devan nou jòdi a.
Feliks ki te okouran tout bagay sou chemen Bondye a, ranvwaye jijman an pou pita. Li di yo konsa: Lè kòmandan Lizyas va vini, m'a pran yon desizyon sou zafè sa a.
Li bay ofisye ki te reskonsab Pòl la lòd pou l' pa lage l', men pou l' ba li kèk ti libète, epi pou kite zanmi l' yo rann li ti sèvis.
Kèk jou apre sa, Feliks vini avèk Drisil, madanm li, ki te yon jwif. Li voye rele Pòl, li te vle tande sa Pòl te gen pou l' di sou konfyans nan Jezikri a.
Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks soti pè, li di: Bon, koulye a ou mèt ale. Lè m'a gen tan m'a rele ou ankò.
Li te mete nan tèt li Pòl ta ka ba li lajan. Se poutèt sa plizyè fwa li te fè l' vin koze avèk li.
Dezan pase konsa. Feliks menm ki te vle fè jwif yo plezi te kite Pòl nan prizon tout tan sa a. Apre sa, Pòsiyis Festis vin moute gouvènè nan plas Feliks.