John 7

After these things Jesus walked in Galilee: for he would not walk in Jewry, because the Jews sought to kill him.
Apre sa, Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile, li pa t' vle ale nan peyi Jide menm, paske jwif yo t'ap chache touye li.
Now the Jews' feast of tabernacles was at hand.
Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive.
His brethren therefore said unto him, Depart hence, and go into Judæa, that thy disciples also may see the works that thou doest.
Frè Jezi yo di l' konsa: Pa rete bò isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wè travay w'ap fè.
For there is no man that doeth any thing in secret, and he himself seeketh to be known openly. If thou do these things, shew thyself to the world.
Yon moun ki vle pou tout moun konnen l' pa dwe travay an kachèt. Avèk travay w'ap fè a, se pou ou kite tout moun wè ou.
For neither did his brethren believe in him.
(Men, frè l' yo pa t' kwè nan li.)
Then Jesus said unto them, My time is not yet come: but your time is alway ready.
Jezi di yo konsa: Lè pa m' lan poko sonnen. Pou nou, tout lè yo bon.
The world cannot hate you; but me it hateth, because I testify of it, that the works thereof are evil.
Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fè a pa bon.
Go ye up unto this feast: I go not up yet unto this feast; for my time is not yet full come.
Nou mèt al nan fèt la. Mwen menm, mwen pa prale. Paske, lè pa m' lan poko rive.
When he had said these words unto them, he abode still in Galilee.
Apre li fin di yo sa, li rete rete l' nan peyi Galile.
But when his brethren were gone up, then went he also up unto the feast, not openly, but as it were in secret.
Apre frè l' yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pa t' kite pesonn wè li.
Then the Jews sought him at the feast, and said, Where is he?
Jwif yo menm t'ap chache l' pandan tout fèt la. Yo t'ap di: Kote l' ye konsa?
And there was much murmuring among the people concerning him: for some said, He is a good man: others said, Nay; but he deceiveth the people.
Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: Non, se pete l'ap pete moun.
Howbeit no man spake openly of him for fear of the Jews.
Men, pesonn pa t' nonmen non l' fò pou lòt moun pa t' tande, sitèlman yo te pè jwif yo.
Now about the midst of the feast Jesus went up into the temple, and taught.
Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li kòmanse pale.
And the Jews marvelled, saying, How knoweth this man letters, having never learned?
Jwif yo pa t' manke sezi. Yo t'ap di: Ki jan nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa janm al lekòl.
Jesus answered them, and said, My doctrine is not mine, but his that sent me.
Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan.
If any man will do his will, he shall know of the doctrine, whether it be of God, or whether I speak of myself.
Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale.
He that speaketh of himself seeketh his own glory: but he that seeketh his glory that sent him, the same is true, and no unrighteousness is in him.
Yon moun k'ap pale pawòl pa l', se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l' la, se verite a pou l' di. Pa gen riz nan li.
Did not Moses give you the law, and yet none of you keepeth the law? Why go ye about to kill me?
Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?
The people answered and said, Thou hast a devil: who goeth about to kill thee?
Foul moun yo reponn li: Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a?
Jesus answered and said unto them, I have done one work, and ye all marvel.
Jezi reponn yo: Mwen fè yon sèl bagay, epi nou tout nou sezi pou sa!
Moses therefore gave unto you circumcision; (not because it is of Moses, but of the fathers;) and ye on the sabbath day circumcise a man.
Moyiz ban nou lòd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakò pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m' di nou: se pa t' Moyiz ki te kòmanse ak sikonsizyon an non, se te zansèt nou yo.)
If a man on the sabbath day receive circumcision, that the law of Moses should not be broken; are ye angry at me, because I have made a man every whit whole on the sabbath day?
Si nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n' ka fè sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n' ankòlè sou mwen si m' geri yon moun ki te malad nan tout kò l', yon jou repo.
Judge not according to the appearance, but judge righteous judgment.
Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat.
Then said some of them of Jerusalem, Is not this he, whom they seek to kill?
Lè sa a, te gen kèk moun Jerizalèm ki t'ap di: Apa nonm y'ap chache touye a?
But, lo, he speaketh boldly, and they say nothing unto him. Do the rulers know indeed that this is the very Christ?
Gade l'ap pale lib devan tout moun, yo pa di l' anyen. Gen lè chèf nou yo rekonèt se Kris la vre li ye!
Howbeit we know this man whence he is: but when Christ cometh, no man knoweth whence he is.
Men, yo toujou di lè Kris la va rive, pesonn p'ap konnen ki bò l' soti. Men nonm sa a, nou konnen ki bò l' soti.
Then cried Jesus in the temple as he taught, saying, Ye both know me, and ye know whence I am: and I am not come of myself, but he that sent me is true, whom ye know not.
Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò: Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m' soti? Se pa mwen ki fè lide pou m' vini non. Moun ki voye m' lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li.
But I know him: for I am from him, and he hath sent me.
Mwen menm, mwen konnen l', paske se bò kote l' mwen soti. Se li menm ki voye mwen.
Then they sought to take him: but no man laid hands on him, because his hour was not yet come.
Lè sa a, yo t'ap chache arete l', men pesonn pa t' mete men sou li paske lè l' pa t' ankò rive.
And many of the people believed on him, and said, When Christ cometh, will he do more miracles than these which this man hath done?
Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: Lè Kris la va vini, èske la fè plis mirak pase nonm sa a?
The Pharisees heard that the people murmured such things concerning him; and the Pharisees and the chief priests sent officers to take him.
Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zòrèy sou Jezi nan pèp la. Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo voye kèk gad pou arete Jezi.
Then said Jesus unto them, Yet a little while am I with you, and then I go unto him that sent me.
Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan.
Ye shall seek me, and shall not find me: and where I am, thither ye cannot come.
N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen, paske nou p'ap ka vini kote m' prale a.
Then said the Jews among themselves, Whither will he go, that we shall not find him? will he go unto the dispersed among the Gentiles, and teach the Gentiles?
Jwif yo yonn t'ap mande lòt: Ki bò l' prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l' moutre moun Lagrès yo anpil bagay?
What manner of saying is this that he said, Ye shall seek me, and shall not find me: and where I am, thither ye cannot come?
L'ap plede di: N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa ka vini kote mwen prale a. Kisa sa vle di menm?
In the last day, that great day of the feast, Jesus stood and cried, saying, If any man thirst, let him come unto me, and drink.
Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.
He that believeth on me, as the scripture hath said, out of his belly shall flow rivers of living water.
Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la.
(But this spake he of the Spirit, which they that believe on him should receive: for the Holy Ghost was not yet given; because that Jesus was not yet glorified.)
(Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t' ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankò moute nan syèl la.)
Many of the people therefore, when they heard this saying, said, Of a truth this is the Prophet.
Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la!
Others said, This is the Christ. But some said, Shall Christ come out of Galilee?
Gen lòt ki t'ap di: Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: Men, Kris la pa ka soti nan peyi Galile.
Hath not the scripture said, That Christ cometh of the seed of David, and out of the town of Bethlehem, where David was?
Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a.
So there was a division among the people because of him.
Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi.
And some of them would have taken him; but no man laid hands on him.
Gen ladan yo ki te vle arete l', men pesonn pa t' mete men sou li.
Then came the officers to the chief priests and Pharisees; and they said unto them, Why have ye not brought him?
Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou?
The officers answered, Never man spake like this man.
Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.
Then answered them the Pharisees, Are ye also deceived?
Farizyen yo di: Gen lè nou kite l' pran tèt nou tou?
Have any of the rulers or of the Pharisees believed on him?
Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li?
But this people who knoweth not the law are cursed.
Moun sa yo gen lè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon!
Nicodemus saith unto them, (he that came to Jesus by night, being one of them,)
Nikodèm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa:
Doth our law judge any man, before it hear him, and know what he doeth?
Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l' anvan, san nou pa konnen sa l' fè.
They answered and said unto him, Art thou also of Galilee? Search, and look: for out of Galilee ariseth no prophet.
Yo reponn li: Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, wa wè pa gen pwofèt ki janm soti nan peyi Galile.
And every man went unto his own house.
Apre sa, tout moun al lakay yo.