Exodus 40

Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
locutusque est Dominus ad Mosen dicens
-Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.
mense primo die prima mensis eriges tabernaculum testimonii
W'a mete bwat ki gen ròch kontra a ladan l'. y'a kache bwat la ak rido a.
et pones in eo arcam dimittesque ante illam velum
Apre sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fè pote lanp sèt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li.
et inlata mensa pones super eam quae rite praecepta sunt candelabrum stabit cum lucernis suis
W'a pran lòtèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l' devan bwat ki gen ròch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan.
et altare aureum in quo adoletur incensum coram arca testimonii tentorium in introitu tabernaculi pones
W'a pran lòtèl pou boule bèt yo ofri yo, w'a mete l' devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a.
et ante illud altare holocausti
W'a mete basen lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'.
labrum inter altare et tabernaculum quod implebis aqua
W'a moute galeri a fè wonn tant lan, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre sou galeri a.
circumdabisque atrium tentoriis et ingressum eius
W'a pran lwil yo sèvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w'a voye l' sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa w'a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt.
et adsumpto unctionis oleo ungues tabernaculum cum vasis suis ut sanctificentur
W'a voye lwil la tou sou lòtèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l'. Se konsa w'a mete lòtèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale.
altare holocausti et omnia vasa eius
W'a voye lwil la tou sou basen lan ak sou pye l' a. Se konsa w'a mete yo apa pou mwen.
labrum cum basi sua omnia unctionis oleo consecrabis ut sint sancta sanctorum
Apre sa, w'a fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen.
adplicabisque Aaron et filios eius ad fores tabernaculi testimonii et lotos aqua
W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt li. W'a mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt.
W'a fè pitit gason l' yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo.
W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi m' prèt. Seremoni sa a va mete yo apa pou yo ka toujou sèvi m' prèt, de pitit an pitit.
Moyiz te fè tou sa Seyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Seyè a te mande l' la.
Sou premye jou premye mwa nan dezyèm lanne a, yo kanpe tant lan.
Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute trenng yo nan plas yo, li drese poto yo.
Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l', jan Seyè a te ba li lòd fè a.
Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.
Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Seyè a te ba li lòd la.
Li mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bò nò tant lan, pa deyò rido a.
Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.
Apre sa, Moyiz mete lanp sèt branch lan nan Tant Randevou a, sou bò sid tant lan anfas tab la.
Li ranje ti lanp yo devan Seyè a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Li mete lòtèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a.
Li fè boule lansan santi bon sou li, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan.
Li mete lòtèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lòtèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Seyè a te ba li lòd fè a.
Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lòtèl la, epi li mete dlo ladan l'.
Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basen lan.
Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lòtèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lòtèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la.
Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.
Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nwaj la te leve soti anwo tant lan yo te ka derape.
Men, si nwaj la pa t' leve anwo tant lan, yo pa t' pati. Yo te tann jouk nwaj la te leve.
Lajounen, nwaj Seyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nwaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.