Psalms 133

Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!
Ne iyi, ne güzeldir, Birlik içinde kardeşçe yaşamak!
Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.
Başa sürülen değerli yağ gibi, Sakaldan, Harun’un sakalından Kaftanının yakasına dek inen yağ gibi.
Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.
Hermon Dağı’na yağan çiy Siyon dağlarına yağıyor sanki. Çünkü RAB orada bereketi, Sonsuz yaşamı buyurdu.