Psalms 54

Pou chèf sanba yo. Se yon chante David
Til sangmesteren, med strengelek; en læresalme av David,
te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo.
da sifittene kom og sa til Saul: David holder sig skjult hos oss.
Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!
Gud, frels mig ved ditt navn, og hjelp mig til min rett ved din kraft!
Bondye, koute m' non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
Gud, hør min bønn, vend øret til min munns ord!
Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m', yon bann mechan ki soti pou touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
For fremmede har reist sig imot mig, og voldsmenn står mig efter livet; de har ikke Gud for øie. Sela.
Men, Bondye ap vin ede m'. Seyè a ap pran defans mwen.
Se, Gud hjelper mig, Herren er den som opholder mitt liv.
L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m' yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li. Seyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen. Ou delivre m' anba tray mwen te ye a; ou fè m' wè lènmi m' yo pèdi batay la.
Det onde skal falle tilbake på mine fiender; utrydd dem i din trofasthet! Med villig hjerte vil jeg ofre til dig; jeg vil prise ditt navn, Herre, fordi det er godt. For av all nød frir han mig ut, og på mine fiender ser mitt øie med lyst.