Matthew 7

Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,
Judge not, that ye be not judged.
paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.
For with what judgment ye judge, ye shall be judged: and with what measure ye mete, it shall be measured to you again.
Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la?
And why beholdest thou the mote that is in thy brother's eye, but considerest not the beam that is in thine own eye?
Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m' wete ti pay ki nan je ou la?
Or how wilt thou say to thy brother, Let me pull out the mote out of thine eye; and, behold, a beam is in thine own eye?
Ipokrit! Wete gwo bout bwa a ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la.
Thou hypocrite, first cast out the beam out of thine own eye; and then shalt thou see clearly to cast out the mote out of thy brother's eye.
Piga nou bay chen bagay yo mete apa pou Bondye. Piga nou jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon. Si nou fè sa, kochon yo va mache sou yo, epi y'a vire sou nou vin dechire nou.
Give not that which is holy unto the dogs, neither cast ye your pearls before swine, lest they trample them under their feet, and turn again and rend you.
Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.
Ask, and it shall be given you; seek, and ye shall find; knock, and it shall be opened unto you:
Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. y'a louvri pou moun ki frape.
For every one that asketh receiveth; and he that seeketh findeth; and to him that knocketh it shall be opened.
Eske gen yonn nan nou ki va bay pitit li yon wòch si li mande l' yon pen?
Or what man is there of you, whom if his son ask bread, will he give him a stone?
Eske la ba li yon koulèv si pitit li mande l' yon pwason?
Or if he ask a fish, will he give him a serpent?
Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li.
If ye then, being evil, know how to give good gifts unto your children, how much more shall your Father which is in heaven give good things to them that ask him?
Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.
Therefore all things whatsoever ye would that men should do to you, do ye even so to them: for this is the law and the prophets.
Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li.
Enter ye in at the strait gate: for wide is the gate, and broad is the way, that leadeth to destruction, and many there be which go in thereat:
Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.
Because strait is the gate, and narrow is the way, which leadeth unto life, and few there be that find it.
Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.
Beware of false prophets, which come to you in sheep's clothing, but inwardly they are ravening wolves.
n'a rekonèt yo sou sa y'ap fè. Yo pa keyi rezen sou pye pikan. Ni yo pa keyi fig frans sou pye rakèt.
Ye shall know them by their fruits. Do men gather grapes of thorns, or figs of thistles?
Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn.
Even so every good tree bringeth forth good fruit; but a corrupt tree bringeth forth evil fruit.
Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn.
A good tree cannot bring forth evil fruit, neither can a corrupt tree bring forth good fruit.
Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.
Every tree that bringeth not forth good fruit is hewn down, and cast into the fire.
Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè.
Wherefore by their fruits ye shall know them.
Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la.
Not every one that saith unto me, Lord, Lord, shall enter into the kingdom of heaven; but he that doeth the will of my Father which is in heaven.
Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak.
Many will say to me in that day, Lord, Lord, have we not prophesied in thy name? and in thy name have cast out devils? and in thy name done many wonderful works?
Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.
And then will I profess unto them, I never knew you: depart from me, ye that work iniquity.
Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.
Therefore whosoever heareth these sayings of mine, and doeth them, I will liken him unto a wise man, which built his house upon a rock:
Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch.
And the rain descended, and the floods came, and the winds blew, and beat upon that house; and it fell not: for it was founded upon a rock.
Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab.
And every one that heareth these sayings of mine, and doeth them not, shall be likened unto a foolish man, which built his house upon the sand:
Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale.
And the rain descended, and the floods came, and the winds blew, and beat upon that house; and it fell: and great was the fall of it.
Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo.
And it came to pass, when Jesus had ended these sayings, the people were astonished at his doctrine:
Se pa t' menm jan ak dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.
For he taught them as one having authority, and not as the scribes.