Matthew 14

Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi.
At that time Herod the tetrarch heard of the fame of Jesus,
Li di moun ki t'ap travay avè l' yo: Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo.
And said unto his servants, This is John the Baptist; he is risen from the dead; and therefore mighty works do shew forth themselves in him.
Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l' mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li.
For Herod had laid hold on John, and bound him, and put him in prison for Herodias' sake, his brother Philip's wife.
Paske Jan te di Ewòd konsa: Ou pa gen dwa pran Ewodyad pou madanm ou.
For John said unto him, It is not lawful for thee to have her.
Ewòd te vle touye l', men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt.
And when he would have put him to death, he feared the multitude, because they counted him as a prophet.
Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil.
But when Herod's birthday was kept, the daughter of Herodias danced before them, and pleased Herod.
Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li.
Whereupon he promised with an oath to give her whatsoever she would ask.
Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l' te ba li, li di Ewòd: Fè pote tèt Jan Batis ban mwen koulye a sou yon plato.
And she, being before instructed of her mother, said, Give me here John Baptist's head in a charger.
Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l' te mande a.
And the king was sorry: nevertheless for the oath's sake, and them which sat with him at meat, he commanded it to be given her.
Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an.
And he sent, and beheaded John in the prison.
Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l' bay manman li.
And his head was brought in a charger, and given to the damsel: and she brought it to her mother.
Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y al di Jezi sa ki te pase.
And his disciples came, and took up the body, and buried it, and went and told Jesus.
Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l' te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri soti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivaj la ap swiv li.
When Jesus heard of it, he departed thence by ship into a desert place apart: and when the people had heard thereof, they followed him on foot out of the cities.
Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo.
And Jesus went forth, and saw a great multitude, and was moved with compassion toward them, and he healed their sick.
Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo.
And when it was evening, his disciples came to him, saying, This is a desert place, and the time is now past; send the multitude away, that they may go into the villages, and buy themselves victuals.
Jezi reponn yo: Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm.
But Jesus said unto them, They need not depart; give ye them to eat.
Men yo di li: Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a.
And they say unto him, We have here but five loaves, and two fishes.
Jezi di yo: Pote yo ban mwen.
He said, Bring them hither to me.
Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
And he commanded the multitude to sit down on the grass, and took the five loaves, and the two fishes, and looking up to heaven, he blessed, and brake, and gave the loaves to his disciples, and the disciples to the multitude.
Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale.
And they did all eat, and were filled: and they took up of the fragments that remained twelve baskets full.
Te gen senkmil (5.000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.
And they that had eaten were about five thousand men, beside women and children.
Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale.
And straightway Jesus constrained his disciples to get into a ship, and to go before him unto the other side, while he sent the multitudes away.
Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li.
And when he had sent the multitudes away, he went up into a mountain apart to pray: and when the evening was come, he was there alone.
Kannòt la menm te gen tan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo.
But the ship was now in the midst of the sea, tossed with waves: for the wind was contrary.
Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo.
And in the fourth watch of the night Jesus went unto them, walking on the sea.
Lè disip yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te pè anpil, yo t'ap di: Se yon revenan. Yo pran rele tèlman yo te pè.
And when the disciples saw him walking on the sea, they were troubled, saying, It is a spirit; and they cried out for fear.
Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
But straightway Jesus spake unto them, saying, Be of good cheer; it is I; be not afraid.
Lè sa a, Pyè di li: Mèt, si se ou menm vre, di m' vin jwenn ou sou dlo a.
And Peter answered him and said, Lord, if it be thou, bid me come unto thee on the water.
Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi.
And he said, Come. And when Peter was come down out of the ship, he walked on the water, to go to Jesus.
Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non!
But when he saw the wind boisterous, he was afraid; and beginning to sink, he cried, saying, Lord, save me.
Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?
And immediately Jesus stretched forth his hand, and caught him, and said unto him, O thou of little faith, wherefore didst thou doubt?
Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase.
And when they were come into the ship, the wind ceased.
Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre.
Then they that were in the ship came and worshipped him, saying, Of a truth thou art the Son of God.
Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt.
And when they were gone over, they came into the land of Gennesaret.
Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li.
And when the men of that place had knowledge of him, they sent out into all that country round about, and brought unto him all that were diseased;
Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.
And besought him that they might only touch the hem of his garment: and as many as touched were made perfectly whole.