Luke 24

Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a.
Now upon the first day of the week, very early in the morning, they came unto the sepulchre, bringing the spices which they had prepared, and certain others with them.
Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen soti devan bouch kavo a.
And they found the stone rolled away from the sepulchre.
Yo antre, men yo pa jwenn kò Seyè Jezi.
And they entered in, and found not the body of the Lord Jesus.
Yo te la konsa, yo pa t' konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere.
And it came to pass, as they were much perplexed thereabout, behold, two men stood by them in shining garments:
Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo?
And as they were afraid, and bowed down their faces to the earth, they said unto them, Why seek ye the living among the dead?
(Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a:
He is not here, but is risen: remember how he spake unto you when he was yet in Galilee,
Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou yo kloure l' sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve soti vivan ankò.
Saying, The Son of man must be delivered into the hands of sinful men, and be crucified, and the third day rise again.
Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo.
And they remembered his words,
Yo soti kite kavo a, y' al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo.
And returned from the sepulchre, and told all these things unto the eleven, and to all the rest.
Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jan ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la.
It was Mary Magdalene, and Joanna, and Mary the mother of James, and other women that were with them, which told these things unto the apostles.
Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pa t' kwè yo.
And their words seemed to them as idle tales, and they believed them not.
Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sak te rive a.
Then arose Peter, and ran unto the sepulchre; and stooping down, he beheld the linen clothes laid by themselves, and departed, wondering in himself at that which was come to pass.
Menm jou sa a, te gen de disip ki tapral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm.
And, behold, two of them went that same day to a village called Emmaus, which was from Jerusalem about threescore furlongs.
De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase.
And they talked together of all these things which had happened.
Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo.
And it came to pass, that, while they communed together and reasoned, Jesus himself drew near, and went with them.
Yo te wè l', men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li.
But their eyes were holden that they should not know him.
Li di yo: Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris.
And he said unto them, What manner of communications are these that ye have one to another, as ye walk, and are sad?
Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sak te rive nan senmenn ki sot pase a?
And the one of them, whose name was Cleopas, answering said unto him, Art thou only a stranger in Jerusalem, and hast not known the things which are come to pass there in these days?
Li di yo: Ki sak te rive konsa? Yo reponn li: Tou sak te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen.
And he said unto them, What things? And they said unto him, Concerning Jesus of Nazareth, which was a prophet mighty in deed and word before God and all the people:
Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l' amò, epi yo kloure l' sou yon kwa.
And how the chief priests and our rulers delivered him to be condemned to death, and have crucified him.
Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pep Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase.
But we trusted that it had been he which should have redeemed Israel: and beside all this, to day is the third day since these things were done.
Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a.
Yea, and certain women also of our company made us astonished, which were early at the sepulchre;
Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan.
And when they found not his body, they came, saying, that they had also seen a vision of angels, which said that he was alive.
Gen kèk zanmi nou yo ki al nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l' la; men li menm, yo pa wè li.
And certain of them which were with us went to the sepulchre, and found it even so as the women had said: but him they saw not.
Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa!
Then he said unto them, O fools, and slow of heart to believe all that the prophets have spoken:
Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l' te resevwa lwanj li?
Ought not Christ to have suffered these things, and to enter into his glory?
Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo; li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo.
And beginning at Moses and all the prophets, he expounded unto them in all the scriptures the things concerning himself.
Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen.
And they drew nigh unto the village, whither they went: and he made as though he would have gone further.
Yo kenbe l', yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l' rete ak yo.
But they constrained him, saying, Abide with us: for it is toward evening, and the day is far spent. And he went in to tarry with them.
Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', epi li ba yo li.
And it came to pass, as he sat at meat with them, he took bread, and blessed it, and brake, and gave to them.
Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo.
And their eyes were opened, and they knew him; and he vanished out of their sight.
Yonn pran di lòt: Eske nou pa t' santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l' t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l' t'ap esplike nou sak te ekri nan Liv yo?
And they said one to another, Did not our heart burn within us, while he talked with us by the way, and while he opened to us the scriptures?
Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo.
And they rose up the same hour, and returned to Jerusalem, and found the eleven gathered together, and them that were with them,
Yo tout yo t'ap di: Se vre wi, Seyè a leve vivan. Simon wè li.
Saying, The Lord is risen indeed, and hath appeared to Simon.
Lè sa a, de disip yo pran rakonte sak te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l' te kase pen an.
And they told what things were done in the way, and how he was known of them in breaking of bread.
Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout.
And as they thus spake, Jesus himself stood in the midst of them, and saith unto them, Peace be unto you.
Yo te pè, yo pran tranble: yo te kwè se yon revenan.
But they were terrified and affrighted, and supposed that they had seen a spirit.
Men, Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Pouki tout lide sa yo nan tèt nou?
And he said unto them, Why are ye troubled? and why do thoughts arise in your hearts?
Gade men m' ak pye m' yo. Se mwen menm wi. Nou mèt mangen m'. Gade m' byen: yon revenan pa gen vyann ak zo jan nou wè m' genyen an.
Behold my hands and my feet, that it is I myself: handle me, and see; for a spirit hath not flesh and bones, as ye see me have.
Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l' ak pye l' yo.
And when he had thus spoken, he shewed them his hands and his feet.
Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pa t' kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: Eske nou gen kichòy la a pou manje?
And while they yet believed not for joy, and wondered, he said unto them, Have ye here any meat?
Yo ofri l' yon moso pwason boukannen.
And they gave him a piece of a broiled fish, and of an honeycomb.
Li pran l', li manje l' devan je yo.
And he took it, and did eat before them.
Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive.
And he said unto them, These are the words which I spake unto you, while I was yet with you, that all things must be fulfilled, which were written in the law of Moses, and in the prophets, and in the psalms, concerning me.
Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo.
Then opened he their understanding, that they might understand the scriptures,
Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò.
And said unto them, Thus it is written, and thus it behoved Christ to suffer, and to rise from the dead the third day:
Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo.
And that repentance and remission of sins should be preached in his name among all nations, beginning at Jerusalem.
Nou temwen tout bagay sa yo.
And ye are witnesses of these things.
Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m' te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap soti anwo nan syèl la va desann sou nou.
And, behold, I send the promise of my Father upon you: but tarry ye in the city of Jerusalem, until ye be endued with power from on high.
Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l' beni yo.
And he led them out as far as to Bethany, and he lifted up his hands, and blessed them.
Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la.
And it came to pass, while he blessed them, he was parted from them, and carried up into heaven.
Yo menm menm, lè yo fin adore l', yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan.
And they worshipped him, and returned to Jerusalem with great joy:
Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.
And were continually in the temple, praising and blessing God. Amen.