John 13

Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l' te kite tè sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale.
Now before the feast of the passover, when Jesus knew that his hour was come that he should depart out of this world unto the Father, having loved his own which were in the world, he loved them unto the end.
Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l' te trayi Jezi.
And supper being ended, the devil having now put into the heart of Judas Iscariot, Simon's son, to betray him;
Jezi te konnen pou tèt pa l' li te soti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay.
Jesus knowing that the Father had given all things into his hands, and that he was come from God, and went to God;
Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l' nan ren li.
He riseth from supper, and laid aside his garments; and took a towel, and girded himself.
Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li kòmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l' lan.
After that he poureth water into a bason, and began to wash the disciples' feet, and to wipe them with the towel wherewith he was girded.
Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l' konsa: Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen?
Then cometh he to Simon Peter: and Peter saith unto him, Lord, dost thou wash my feet?
Jezi reponn li: Koulye a ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, wa konprann pita.
Jesus answered and said unto him, What I do thou knowest not now; but thou shalt know hereafter.
Pye di li: Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: Si m' pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò.
Peter saith unto him, Thou shalt never wash my feet. Jesus answered him, If I wash thee not, thou hast no part with me.
Simon Pyè di li: Si se konsa, Mèt, se pa pye m' ase pou ou lave. Lave men m' yo tou ansanm ak tèt mwen.
Simon Peter saith unto him, Lord, not my feet only, but also my hands and my head.
Jezi di li: Lè yon moun fin benyen, tout kò l' pwòp. Se pye l' ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp.
Jesus saith to him, He that is washed needeth not save to wash his feet, but is clean every whit: and ye are clean, but not all.
(Jezi te konnen ki moun ki tapral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.)
For he knew who should betray him; therefore said he, Ye are not all clean.
Lè l' fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: Eske nou konprann sa m' sot fè la a?
So after he had washed their feet, and had taken his garments, and was set down again, he said unto them, Know ye what I have done to you?
Nou rele m' Mèt, nou rele m' Seyè. Nou gen rezon, se sa m' ye vre.
Ye call me Master and Lord: and ye say well; for so I am.
Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.
If I then, your Lord and Master, have washed your feet; ye also ought to wash one another's feet.
Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.
For I have given you an example, that ye should do as I have done to you.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi grannèg pase moun ki voye l' la.
Verily, verily, I say unto you, The servant is not greater than his lord; neither he that is sent greater than he that sent him.
Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.
If ye know these things, happy are ye if ye do them.
Lè m' di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m' lan, se li menm ki trayi mwen.
I speak not of you all: I know whom I have chosen: but that the scripture may be fulfilled, He that eateth bread with me hath lifted up his heel against me.
M'ap tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a.
Now I tell you before it come, that, when it is come to pass, ye may believe that I am he.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m' tou. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan.
Verily, verily, I say unto you, He that receiveth whomsoever I send receiveth me; and he that receiveth me receiveth him that sent me.
Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l' te boulvèse anpil. Li di yo kareman: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
When Jesus had thus said, he was troubled in spirit, and testified, and said, Verily, verily, I say unto you, that one of you shall betray me.
Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pa t' konnen ki moun li t'ap pale.
Then the disciples looked one on another, doubting of whom he spake.
Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li.
Now there was leaning on Jesus' bosom one of his disciples, whom Jesus loved.
Simon Pyè fè l' siy pou l' mande Jezi ki moun li t'ap pale.
Simon Peter therefore beckoned to him, that he should ask who it should be of whom he spake.
Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: Seyè, kilès sa a?
He then lying on Jesus' breast saith unto him, Lord, who is it?
Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la.
Jesus answered, He it is, to whom I shall give a sop, when I have dipped it. And when he had dipped the sop, he gave it to Judas Iscariot, the son of Simon.
Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: Sa ou gen pou fè a, fè l' vit.
And after the sop Satan entered into him. Then said Jesus unto him, That thou doest, do quickly.
(Pesonn sou tab la pa t' konprann poukisa li te di l' sa.
Now no man at the table knew for what intent he spake this unto him.
Anpil te fè lide Jezi te vle di l' al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l' bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.)
For some of them thought, because Judas had the bag, that Jesus had said unto him, Buy those things that we have need of against the feast; or, that he should give something to the poor.
Se konsa, Jida pran moso pen an; lamenm li soti. Te fin fè nwa deyò a.
He then having received the sop went immediately out: and it was night.
Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li.
Therefore, when he was gone out, Jesus said, Now is the Son of man glorified, and God is glorified in him.
Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l' talè konsa.
If God be glorified in him, God shall also glorify him in himself, and shall straightway glorify him.
Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, koulye a m'ap di nou sa m' te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m' prale a.
Little children, yet a little while I am with you. Ye shall seek me: and as I said unto the Jews, Whither I go, ye cannot come; so now I say to you.
Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.
A new commandment I give unto you, That ye love one another; as I have loved you, that ye also love one another.
Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.
By this shall all men know that ye are my disciples, if ye have love one to another.
Simon Pyè mande li: Seyè, ki bò ou prale? Jezi reponn li: Kote m' prale a ou pa ka swiv mwen koulye a. Men, wa swiv mwen pita.
Simon Peter said unto him, Lord, whither goest thou? Jesus answered him, Whither I go, thou canst not follow me now; but thou shalt follow me afterwards.
Pyè di li: Seyè, poukisa m' pa kapab swiv ou koulye a? Mwen tou pare pou m' bay lavi m' pou ou.
Peter said unto him, Lord, why cannot I follow thee now? I will lay down my life for thy sake.
Jezi reponn li: Ou kwè ou pare vre pou bay lavi ou pou mwen? Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Kòk p'ap ankò chante, w'ap gen tan di ou pa janm konnen m' an twa fwa.
Jesus answered him, Wilt thou lay down thy life for my sake? Verily, verily, I say unto thee, The cock shall not crow, till thou hast denied me thrice.