Ephesians 3

Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye.
For this cause I Paul, the prisoner of Jesus Christ for you Gentiles,
Mwen kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l', te ban m' travay sa a pou m' te fè pou nou.
If ye have heard of the dispensation of the grace of God which is given me to you-ward:
Bondye devwale m' sekrè travay li a, pou m' te ka konnen plan li te gen sere nan kè li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kèk mo pi wo a.
How that by revelation he made known unto me the mystery; (as I wrote afore in few words,
Lè n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la.
Whereby, when ye read, ye may understand my knowledge in the mystery of Christ)
Nan tan lontan Bondye pa t' devwale plan travay sa a bay ankenn moun sou latè, men koulye a, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l' bay moun li mete apa pou sèvi l' apòt ak pwofèt.
Which in other ages was not made known unto the sons of men, as it is now revealed unto his holy apostles and prophets by the Spirit;
Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a.
That the Gentiles should be fellowheirs, and of the same body, and partakers of his promise in Christ by the gospel:
Kifè m'ap sèvi bon nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l' fè m' yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen.
Whereof I was made a minister, according to the gift of the grace of God given unto me by the effectual working of his power.
Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m' fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.
Unto me, who am less than the least of all saints, is this grace given, that I should preach among the Gentiles the unsearchable riches of Christ;
Li ban m' privilèj sa a pou m' fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l' depi lontan.
And to make all men see what is the fellowship of the mystery, which from the beginning of the world hath been hid in God, who created all things by Jesus Christ:
Men koulye a, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo.
To the intent that now unto the principalities and powers in heavenly places might be known by the church the manifold wisdom of God,
Bondye aji konsa dapre plan ki te la depi lontan an. Se plan sa a li reyalize nan Jezikri, Seyè nou an.
According to the eternal purpose which he purposed in Christ Jesus our Lord:
Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote.
In whom we have boldness and access with confidence by the faith of him.
Se sak fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou.
Wherefore I desire that ye faint not at my tribulations for you, which is your glory.
Wi, se poutèt sa, mwen tonbe ajenou devan Papa a,
For this cause I bow my knees unto the Father of our Lord Jesus Christ,
ki bay tout fanmi ki nan syèl la ak sou latè a non yo.
Of whom the whole family in heaven and earth is named,
M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,
That he would grant you, according to the riches of his glory, to be strengthened with might by his Spirit in the inner man;
pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,
That Christ may dwell in your hearts by faith; that ye, being rooted and grounded in love,
pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.
May be able to comprehend with all saints what is the breadth, and length, and depth, and height;
Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.
And to know the love of Christ, which passeth knowledge, that ye might be filled with all the fulness of God.
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.
Now unto him that is able to do exceeding abundantly above all that we ask or think, according to the power that worketh in us,
Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!
Unto him be glory in the church by Christ Jesus throughout all ages, world without end. Amen.