II Thessalonians 3

Pou fini, frè m' yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Seyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou.
Finally, brethren, pray for us, that the word of the Lord may have free course, and be glorified, even as it is with you:
Lapriyè tou pou Bondye ka delivre m' anba move moun yo, mechan sa yo. Paske, se pa tout moun ki asepte kwè.
And that we may be delivered from unreasonable and wicked men: for all men have not faith.
Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, la pwoteje nou anba Satan.
But the Lord is faithful, who shall stablish you, and keep you from evil.
Seyè a fè m' gen konfyans nan nou: li ban m' lasirans n'ap fè sa m' te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l' tou.
And we have confidence in the Lord touching you, that ye both do and will do the things which we command you.
Mwen mande Seyè a pou l' dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.
And the Lord direct your hearts into the love of God, and into the patient waiting for Christ.
Frè m' yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Seyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m' te moutre nou.
Now we command you, brethren, in the name of our Lord Jesus Christ, that ye withdraw yourselves from every brother that walketh disorderly, and not after the tradition which he received of us.
Nou menm, nou konnen sa pou nou fè pou nou ka swiv egzanp mwen ban nou. Mwen pa t' fè parese lè m' te nan mitan nou.
For yourselves know how ye ought to follow us: for we behaved not ourselves disorderly among you;
Mwen pa t' kite pesonn ban m' manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m' pa t' sou kont nou yonn.
Neither did we eat any man's bread for nought; but wrought with labour and travail night and day, that we might not be chargeable to any of you:
Se pa paske mwen pa t' gen dwa resevwa anyen nan men pesonn ki fè m' te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv.
Not because we have not power, but to make ourselves an ensample unto you to follow us.
Nou chonje lè m' te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gen dwa manje non plis.
For even when we were with you, this we commanded you, that if any would not work, neither should he eat.
M'ap pale konsa ak nou paske m' pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun.
For we hear that there are some which walk among you disorderly, working not at all, but are busybodies.
Men sa m'ap voye di moun sa yo: Nan non Jezikri, Seyè a, m'ap mande nou pou nou travay nan lòd, pou nou manje swe kouraj nou.
Now them that are such we command and exhort by our Lord Jesus Christ, that with quietness they work, and eat their own bread.
Pou nou menm, frè m' yo, pa janm bouke fè sa ki byen.
But ye, brethren, be not weary in well doing.
Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pesonn gen okenn rapò avè l', pou l' sa wont.
And if any man obey not our word by this epistle, note that man, and have no company with him, that he may be ashamed.
Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l' tankou yon frè.
Yet count him not as an enemy, but admonish him as a brother.
Mwen mande Seyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè nou poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout.
Now the Lord of peace himself give you peace always by all means. The Lord be with you all.
Se mwen menm Pòl k'ap ekri mo sa yo: mwen voye bonjou pou nou tout. Se konsa mwen siyen tout lèt mwen yo, se konsa mwen toujou ekri.
The salutation of Paul with mine own hand, which is the token in every epistle: so I write.
Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout.
The grace of our Lord Jesus Christ be with you all. Amen. The second epistle to the Thessalonians was written from Athens.