I Corinthians 16

Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè.
Now concerning the collection for the saints, as I have given order to the churches of Galatia, even so do ye.
Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.
Upon the first day of the week let every one of you lay by him in store, as God hath prospered him, that there be no gatherings when I come.
Lè m' ava rive, n'a chwazi kèk moun pou m' voye pote kado nou fè a ale lavil Jerizalèm ak yon lèt rekòmandasyon.
And when I come, whomsoever ye shall approve by your letters, them will I send to bring your liberality unto Jerusalem.
Si sa merite pou m' ale tou, y'a fè vwayaj la ansanm avè mwen.
And if it be meet that I go also, they shall go with me.
M'a vin lakay nou lè m'a fin pase nan peyi Masedwan. Paske, fòk mwen pase la anvan.
Now I will come unto you, when I shall pass through Macedonia: for I do pass through Macedonia.
Mwen ka rete pase kèk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avè nou. Apre sa, n'a ka ede m' ale kote m'a gen pou mwen ale a.
And it may be that I will abide, yea, and winter with you, that ye may bring me on my journey whithersoever I go.
Fwa sa a, mwen pa vle wè nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kèk tan ak nou, si Bondye vle.
For I will not see you now by the way; but I trust to tarry a while with you, if the Lord permit.
Men, mwen fè lide rete isit nan lavil Efèz jouk pou fèt Lapannkòt.
But I will tarry at Ephesus until Pentecost.
Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m' fè travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wè mwen.
For a great door and effectual is opened unto me, and there are many adversaries.
Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Seyè a.
Now if Timotheus come, see that he may be with you without fear: for he worketh the work of the Lord, as I also do.
Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l' pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l' ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frè yo.
Let no man therefore despise him: but conduct him forth in peace, that he may come unto me: for I look for him with the brethren.
Kanta frè Apolòs, mwen pa t' manke ankouraje l' pou l' te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa koulye a. Enben, la fè vwayaj la lè la kapab.
As touching our brother Apollos, I greatly desired him to come unto you with the brethren: but his will was not at all to come at this time; but he will come when he shall have convenient time.
Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.
Watch ye, stand fast in the faith, quit you like men, be strong.
Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.
Let all your things be done with charity.
Frè m' yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tèt yo pou sèvi pèp Bondye a.
I beseech you, brethren, (ye know the house of Stephanas, that it is the firstfruits of Achaia, and that they have addicted themselves to the ministry of the saints,)
Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wè k'ap travay ak yo epi k'ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou.
That ye submit yourselves unto such, and to every one that helpeth with us, and laboureth.
Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fòtenatis, Akaykis ki vin wè mwen. Yo fè m' santi se tankou si se nou menm menm ki te la avèk mwen.
I am glad of the coming of Stephanas and Fortunatus and Achaicus: for that which was lacking on your part they have supplied.
Yo remoute kouraj mwen, menm jan yo te remoute kouraj nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo.
For they have refreshed my spirit and yours: therefore acknowledge ye them that are such.
Legliz ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakèt bonjou pou nou nan Seyè a.
The churches of Asia salute you. Aquila and Priscilla salute you much in the Lord, with the church that is in their house.
Tout frè ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.
All the brethren greet you. Greet ye one another with an holy kiss.
M'ap ekri nou sa ak men pa m': Pòl voye bonjou pou nou tout.
The salutation of me Paul with mine own hand.
Si yon moun pa renmen Seyè a, madichon pou li. Seyè nou, vini non!
If any man love not the Lord Jesus Christ, let him be Anathema Maranatha.
Se pou benediksyon Jezi Seyè a toujou la avè nou.
The grace of our Lord Jesus Christ be with you.
Mwen renmen nou tout nan Jezikri.
My love be with you all in Christ Jesus. Amen. The first epistle to the Corinthians was written from Philippi by Stephanas, and Fortunatus, and Achaicus, and Timotheus.