Revelation of John 13

Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap soti nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye.
ואהי עמד על חול הים וארא חיה עלה מן הים ולה שבעה ראשים ועשר קרנים ועל קרניה עשרה כתרים ועל ראשיה שם גדופים׃
Bèt mwen te wè a te sanble ak yon gwo chat tou jòn ak tach nwa sou tout kò li. pa t' li yo te plat tankou pa t' yon lous, bouch li te tankou bouch lyon. Dragon an ba li pouvwa li, li ba li plas chèf li te genyen an ansanm ak gwo pouvwa li t'ap egzèse a.
והחיה אשר ראיתי מראה כנמר ורגליה כרגלי דב ופיה כפי אריה ויתן לה התנין את כחו ואת כסאו וממשל רב׃
Yonn nan sèt tèt yo te resevwa yon blese ki te manke touye li. Men, blese a te geri. Tout moun te sezi wè sa, yo pran swiv bèt la.
וארא והנה אחד מראשיה כפצוע עד מות ומכת מות אשר לו נרפאה ותשתומם כל הארץ אחרי החיה׃
Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li?
וישתחוו לתנין אשר נתן ממשלה לחיה וישתחוו לחיה ויאמרו מי ידמה לחיה ומי יוכל להלחם אתה׃
Bèt la te resevwa pouvwa pou l' te di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Yo ba l' pouvwa fè sa l' vle pandan karannde mwa.
וינתן לה פה ממלל גדלות ונאצות ושלטן נתן לה להלחם ארבעים ושנים חדשים׃
Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan sièl la.
ותפתח את פיה לנאצה אל האלהים ותנאץ את שמו ואת משכנו ואת החנים בשמים׃
Yo ba l' pouvwa pou l' fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l' te genyen batay la. Yo ba l' pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon.
וינתן לה לעשות מלחמה עם הקדשים ולנצחם ותנתן לה ממשלה על כל משפחה ועם ולשון וגוי׃
Tout moun sou latè pral adore l', sa vle di tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a.
וישתחוו לה כל ישבי הארץ אשר לא נכתבו שמותם בספר החיים אשר לשה הטבוח מיום הוסד תבל׃
Koute byen wi, si nou gen zòrèy pou tande!
כל אשר אזן לו ישמע׃
Moun ki la pou al nan prizon pral nan prizon. Moun ki la pou mouri anba kout nepe pral mouri anba kout nepe. Se poutèt sa, se pou moun Bondye yo gen anpil pasians ak konfians nan Bondye.
כל המוליך לשבי ילך בשבי וכל ההרג בחרב הרג יהרג בחרב בזה סבלנות ואמונת הקדשים׃
Apre sa, mwen wè yon lòt bèt ki soti anba tè a. Li te gen de kòn tankou kòn mouton, li t'ap pale tankou yon dragon.
וארא חיה אחרת עלה מן האדמה ולה קרנים כקרני שה ומדברת כתנין׃
Li pran tout pouvwa premie bèt la pou l' te kòmande devan je li. Li fòse latè ak tout moun ki sou latè pou yo adore premie bèt ki te blese amò men ki te geri a.
והיא עשה כל פקודי החיה הראשונה בפניה ומביאה את הארץ וישביה להשתחות לחיה הראשונה אשר נרפאה מכת מות אשר לה׃
Dezyèm bèt la t'ap fè anpil gwo mirak, li fè dife soti nan sièl la desann sou latè devan tout moun.
ונתנת אותות גדלות וגם אש מן השמים תוריד ארצה לעיני בני אדם׃
Moun ki rete sou latè yo te pèdi tèt yo lè yo wè mirak yo te ba l' dwa fè devan je premie bèt la. Li mande yo pou yo fè yon estati bèt ki te blese amò ak kout nepe a men ki te byen vivan an.
ותתעה את ישבי הארץ על ידי האותות אשר נתן לה לעשות בפני החיה באמרה אל ישבי הארץ לעשות צלם לחיה אשר הכתה מכת חרב ותחי׃
Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li.
וינתן לה לתת רוח בצלם החיה למען דבר ידבר צלם החיה ועשתה כי כל אשר אימן משתחוים לצלם החיה מות יומתו׃
Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo.
ותעש כי כלם למקטן ועד גדול אם אביון ואם עשיר גם בני החרים גם העבדים יתוו תו על די ימינם או על מצחתם׃
Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l' lan.
וכי לא יוכל איש לקנות או למכר כי אם בהיות עליו תו החיה או שמה או מספר שמה׃
Bagay sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la. Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis (666).
בזה החכמה מי אשר לו תבונה יחשב מספר החיה כי מספר בן אדם הוא ומספרו שש מאות וששים ושש׃