Psalms 98

Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
מזמור שירו ליהוה שיר חדש כי נפלאות עשה הושיעה לו ימינו וזרוע קדשו׃
Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.
הודיע יהוה ישועתו לעיני הגוים גלה צדקתו׃
Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou.
זכר חסדו ואמונתו לבית ישראל ראו כל אפסי ארץ את ישועת אלהינו׃
Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante!
הריעו ליהוה כל הארץ פצחו ורננו וזמרו׃
Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!
זמרו ליהוה בכנור בכנור וקול זמרה׃
Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.
בחצצרות וקול שופר הריעו לפני המלך יהוה׃
Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante.
ירעם הים ומלאו תבל וישבי בה׃
Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan.
נהרות ימחאו כף יחד הרים ירננו׃
Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.
לפני יהוה כי בא לשפט הארץ ישפט תבל בצדק ועמים במישרים׃