Psalms 92

Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a.
מזמור שיר ליום השבת טוב להדות ליהוה ולזמר לשמך עליון׃
Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.
להגיד בבקר חסדך ואמונתך בלילות׃
Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
עלי עשור ועלי נבל עלי הגיון בכנור׃
Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.
כי שמחתני יהוה בפעלך במעשי ידיך ארנן׃
Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.
מה גדלו מעשיך יהוה מאד עמקו מחשבתיך׃
Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!
איש בער לא ידע וכסיל לא יבין את זאת׃
Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
בפרח רשעים כמו עשב ויציצו כל פעלי און להשמדם עדי עד׃
Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
ואתה מרום לעלם יהוה׃
Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.
כי הנה איביך יהוה כי הנה איביך יאבדו יתפרדו כל פעלי און׃
Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.
ותרם כראים קרני בלתי בשמן רענן׃
Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan.
ותבט עיני בשורי בקמים עלי מרעים תשמענה אזני׃
Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.
צדיק כתמר יפרח כארז בלבנון ישגה׃
Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
שתולים בבית יהוה בחצרות אלהינו יפריחו׃
Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.
עוד ינובון בשיבה דשנים ורעננים יהיו׃
Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs. Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.
להגיד כי ישר יהוה צורי ולא עלתה בו׃