Psalms 88

Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra.
שיר מזמור לבני קרח למנצח על מחלת לענות משכיל להימן האזרחי יהוה אלהי ישועתי יום צעקתי בלילה נגדך׃
Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou!
תבוא לפניך תפלתי הטה אזנך לרנתי׃
Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou.
כי שבעה ברעות נפשי וחיי לשאול הגיעו׃
Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri.
נחשבתי עם יורדי בור הייתי כגבר אין איל׃
Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò.
במתים חפשי כמו חללים שכבי קבר אשר לא זכרתם עוד והמה מידך נגזרו׃
Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li.
שתני בבור תחתיות במחשכים במצלות׃
Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.
עלי סמכה חמתך וכל משבריך ענית סלה׃
Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou.
הרחקת מידעי ממני שתני תועבות למו כלא ולא אצא׃
Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti.
עיני דאבה מני עני קראתיך יהוה בכל יום שטחתי אליך כפי׃
Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou!
הלמתים תעשה פלא אם רפאים יקומו יודוך סלה׃
Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?
היספר בקבר חסדך אמונתך באבדון׃
Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou?
היודע בחשך פלאך וצדקתך בארץ נשיה׃
Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon!
ואני אליך יהוה שועתי ובבקר תפלתי תקדמך׃
Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.
למה יהוה תזנח נפשי תסתיר פניך ממני׃
Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen?
עני אני וגוע מנער נשאתי אמיך אפונה׃
Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò.
עלי עברו חרוניך בעותיך צמתותני׃
Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'.
סבוני כמים כל היום הקיפו עלי יחד׃
Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou. Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt.
הרחקת ממני אהב ורע מידעי מחשך׃