Psalms 84

Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo.
למנצח על הגתית לבני קרח מזמור מה ידידות משכנותיך יהוה צבאות׃
Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa!
נכספה וגם כלתה נפשי לחצרות יהוה לבי ובשרי ירננו אל אל חי׃
Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.
גם צפור מצאה בית ודרור קן לה אשר שתה אפרחיה את מזבחותיך יהוה צבאות מלכי ואלהי׃
Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen!
אשרי יושבי ביתך עוד יהללוך סלה׃
Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.
אשרי אדם עוז לו בך מסלות בלבבם׃
Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an!
עברי בעמק הבכא מעין ישיתוהו גם ברכות יעטה מורה׃
Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l' tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl.
ילכו מחיל אל חיל יראה אל אלהים בציון׃
Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.
יהוה אלהים צבאות שמעה תפלתי האזינה אלהי יעקב סלה׃
Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen. Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m'.
מגננו ראה אלהים והבט פני משיחך׃
Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!
כי טוב יום בחצריך מאלף בחרתי הסתופף בבית אלהי מדור באהלי רשע׃
Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo.
כי שמש ומגן יהוה אלהים חן וכבוד יתן יהוה לא ימנע טוב להלכים בתמים׃
Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay. Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!
יהוה צבאות אשרי אדם בטח בך׃