Psalms 70

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou.
למנצח לדוד להזכיר אלהים להצילני יהוה לעזרתי חושה׃
Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè!
יבשו ויחפרו מבקשי נפשי יסגו אחור ויכלמו חפצי רעתי׃
Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
ישובו על עקב בשתם האמרים האח האח׃
Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.
ישישו וישמחו בך כל מבקשיך ויאמרו תמיד יגדל אלהים אהבי ישועתך׃
Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa! Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè!
ואני עני ואביון אלהים חושה לי עזרי ומפלטי אתה יהוה אל תאחר׃