Psalms 7

Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen.
שגיון לדוד אשר שר ליהוה על דברי כוש בן ימיני יהוה אלהי בך חסיתי הושיעני מכל רדפי והצילני׃
Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m'. Pa kite m' tonbe nan men moun k'ap pèsekite m' yo.
פן יטרף כאריה נפשי פרק ואין מציל׃
Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou.
יהוה אלהי אם עשיתי זאת אם יש עול בכפי׃
Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal,
אם גמלתי שולמי רע ואחלצה צוררי ריקם׃
si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon,
ירדף אויב נפשי וישג וירמס לארץ חיי וכבודי לעפר ישכן סלה׃
ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou.
קומה יהוה באפך הנשא בעברות צוררי ועורה אלי משפט צוית׃
Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache.
ועדת לאמים תסובבך ועליה למרום שובה׃
Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout.
יהוה ידין עמים שפטני יהוה כצדקי וכתמי עלי׃
Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.
יגמר נא רע רשעים ותכונן צדיק ובחן לבות וכליות אלהים צדיק׃
Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
מגני על אלהים מושיע ישרי לב׃
Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.
אלהים שופט צדיק ואל זעם בכל יום׃
Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.
אם לא ישוב חרבו ילטוש קשתו דרך ויכוננה׃
Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li.
ולו הכין כלי מות חציו לדלקים יפעל׃
Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.
הנה יחבל און והרה עמל וילד שקר׃
Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti.
בור כרה ויחפרהו ויפל בשחת יפעל׃
Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.
ישוב עמלו בראשו ועל קדקדו חמסו ירד׃
Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li! Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.
אודה יהוה כצדקו ואזמרה שם יהוה עליון׃