Psalms 63

Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a.
מזמור לדוד בהיותו במדבר יהודה אלהים אלי אתה אשחרך צמאה לך נפשי כמה לך בשרי בארץ ציה ועיף בלי מים׃
Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
כן בקדש חזיתיך לראות עזך וכבודך׃
Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.
כי טוב חסדך מחיים שפתי ישבחונך׃
renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
כן אברכך בחיי בשמך אשא כפי׃
Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè.
כמו חלב ודשן תשבע נפשי ושפתי רננות יהלל פי׃
M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.
אם זכרתיך על יצועי באשמרות אהגה בך׃
Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.
כי היית עזרתה לי ובצל כנפיך ארנן׃
Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.
דבקה נפשי אחריך בי תמכה ימינך׃
Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.
והמה לשואה יבקשו נפשי יבאו בתחתיות הארץ׃
Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.
יגירהו על ידי חרב מנת שעלים יהיו׃
Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo. Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.
והמלך ישמח באלהים יתהלל כל הנשבע בו כי יסכר פי דוברי שקר׃