Psalms 6

Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David.
למנצח בנגינות על השמינית מזמור לדוד יהוה אל באפך תוכיחני ואל בחמתך תיסרני׃
Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
חנני יהוה כי אמלל אני רפאני יהוה כי נבהלו עצמי׃
Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.
ונפשי נבהלה מאד ואת יהוה עד מתי׃
Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
שובה יהוה חלצה נפשי הושיעני למען חסדך׃
Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.
כי אין במות זכרך בשאול מי יודה לך׃
Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.
יגעתי באנחתי אשחה בכל לילה מטתי בדמעתי ערשי אמסה׃
Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.
עששה מכעס עיני עתקה בכל צוררי׃
Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.
סורו ממני כל פעלי און כי שמע יהוה קול בכיי׃
Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.
שמע יהוה תחנתי יהוה תפלתי יקח׃
Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li. Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.
יבשו ויבהלו מאד כל איבי ישבו יבשו רגע׃