Psalms 52

Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri
למנצח משכיל לדוד בבוא דואג האדמי ויגד לשאול ויאמר לו בא דוד אל בית אחימלך מה תתהלל ברעה הגבור חסד אל כל היום׃
lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk.
הוות תחשב לשונך כתער מלטש עשה רמיה׃
Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje.
אהבת רע מטוב שקר מדבר צדק סלה׃
W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.
אהבת כל דברי בלע לשון מרמה׃
Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite.
גם אל יתצך לנצח יחתך ויסחך מאהל ושרשך מארץ חיים סלה׃
Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè!
ויראו צדיקים וייראו ועליו ישחקו׃
Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.
הנה הגבר לא ישים אלהים מעוזו ויבטח ברב עשרו יעז בהותו׃
Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di:
ואני כזית רענן בבית אלהים בטחתי בחסד אלהים עולם ועד׃
Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal. Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen. M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sevi ou yo pou m' fè konnen jan ou bon.
אודך לעולם כי עשית ואקוה שמך כי טוב נגד חסידיך׃