Psalms 39

Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David.
למנצח לידיתון מזמור לדוד אמרתי אשמרה דרכי מחטוא בלשוני אשמרה לפי מחסום בעד רשע לנגדי׃
Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.
נאלמתי דומיה החשיתי מטוב וכאבי נעכר׃
Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd.
חם לבי בקרבי בהגיגי תבער אש דברתי בלשוני׃
Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande:
הודיעני יהוה קצי ומדת ימי מה היא אדעה מה חדל אני׃
Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a.
הנה טפחות נתתה ימי וחלדי כאין נגדך אך כל הבל כל אדם נצב סלה׃
Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
אך בצלם יתהלך איש אך הבל יהמיון יצבר ולא ידע מי אספם׃
Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.
ועתה מה קויתי אדני תוחלתי לך היא׃
Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou!
מכל פשעי הצילני חרפת נבל אל תשימני׃
Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz.
נאלמתי לא אפתח פי כי אתה עשית׃
M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou.
הסר מעלי נגעך מתגרת ידך אני כליתי׃
Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo.
בתוכחות על עון יסרת איש ותמס כעש חמודו אך הבל כל אדם סלה׃
Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.
שמעה תפלתי יהוה ושועתי האזינה אל דמעתי אל תחרש כי גר אנכי עמך תושב ככל אבותי׃
Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou. Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri.
השע ממני ואבליגה בטרם אלך ואינני׃