Psalms 30

Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David.
מזמור שיר חנכת הבית לדוד ארוממך יהוה כי דליתני ולא שמחת איבי לי׃
M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib.
יהוה אלהי שועתי אליך ותרפאני׃
Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.
יהוה העלית מן שאול נפשי חייתני מיורדי בור׃
Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri.
זמרו ליהוה חסידיו והודו לזכר קדשו׃
Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.
כי רגע באפו חיים ברצונו בערב ילין בכי ולבקר רנה׃
Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.
ואני אמרתי בשלוי בל אמוט לעולם׃
Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'.
יהוה ברצונך העמדתה להררי עז הסתרת פניך הייתי נבהל׃
Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase.
אליך יהוה אקרא ואל אדני אתחנן׃
Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou.
מה בצע בדמי ברדתי אל שחת היודך עפר היגיד אמתך׃
Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?
שמע יהוה וחנני יהוה היה עזר לי׃
Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou!
הפכת מספדי למחול לי פתחת שקי ותאזרני שמחה׃
Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt. Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.
למען יזמרך כבוד ולא ידם יהוה אלהי לעולם אודך׃