Psalms 20

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.
למנצח מזמור לדוד יענך יהוה ביום צרה ישגבך שם אלהי יעקב׃
Se pou Seyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou.
ישלח עזרך מקדש ומציון יסעדך׃
Se pou l' rete lakay li pou l' voye ede ou. Se pou l' rete sou mòn Siyon an pou l' soutni ou.
יזכר כל מנחתך ועולתך ידשנה סלה׃
Se pou l' chonje tou sa ou ofri ba li, pou l' kontan tou bèt ou fè touye pou li.
יתן לך כלבבך וכל עצתך ימלא׃
Se pou l' ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l' fè tou sa ou gen lide fè rive vre.
נרננה בישועתך ובשם אלהינו נדגל ימלא יהוה כל משאלותיך׃
Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'.
עתה ידעתי כי הושיע יהוה משיחו יענהו משמי קדשו בגברות ישע ימינו׃
Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li.
אלה ברכב ואלה בסוסים ואנחנו בשם יהוה אלהינו נזכיר׃
Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.
המה כרעו ונפלו ואנחנו קמנו ונתעודד׃
Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm. Seyè, fè wa a genyen batay la non! Reponn nou non, lè n'ap rele ou!
יהוה הושיעה המלך יעננו ביום קראנו׃