Psalms 143

Se yon sòm David. Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri.
מזמור לדוד יהוה שמע תפלתי האזינה אל תחנוני באמנתך ענני בצדקתך׃
Pa jije m' sou sa m' fè, se sèvitè ou mwen ye. Pa gen moun ki inonsan devan je ou.
ואל תבוא במשפט את עבדך כי לא יצדק לפניך כל חי׃
Lènmi pousib mwen, li mache sou mwen. Li fè m' rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan.
כי רדף אויב נפשי דכא לארץ חיתי הושיבני במחשכים כמתי עולם׃
Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil.
ותתעטף עלי רוחי בתוכי ישתומם לבי׃
Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.
זכרתי ימים מקדם הגיתי בכל פעלך במעשה ידיך אשוחח׃
Mwen louvri bra m' devan ou, mwen lapriyè. M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli.
פרשתי ידי אליך נפשי כארץ עיפה לך סלה׃
Seyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.
מהר ענני יהוה כלתה רוחי אל תסתר פניך ממני ונמשלתי עם ירדי בור׃
Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m' chonje jan ou renmen m' anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m' chemen pou m' pran an.
השמיעני בבקר חסדך כי בך בטחתי הודיעני דרך זו אלך כי אליך נשאתי נפשי׃
Se anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, delivre m' anba lènmi m' yo.
הצילני מאיבי יהוה אליך כסתי׃
Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m' jan pou m' fè sa ou vle m' fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m' nan chemen ki pa gen move pa.
למדני לעשות רצונך כי אתה אלוהי רוחך טובה תנחני בארץ מישור׃
Seyè, poutèt non ou pote a, ban m' lavi ankò. Ou menm ki pa nan patipri, tanpri, wete m' nan tray kote m' ye a.
למען שמך יהוה תחיני בצדקתך תוציא מצרה נפשי׃
Ou renmen m' anpil. Fè tout lènmi m' yo disparèt. Detwi tout moun k'ap peze m' yo, paske se sèvitè ou mwen ye.
ובחסדך תצמית איבי והאבדת כל צררי נפשי כי אני עבדך׃